Institute for Justice and Democracy in Haiti

Gwoup Debaz yo ap Prezante Pèspektiv yo sou Dwa Moun an Ayiti nan premye Egzamen Peryodik Inivèsèl la (IJDH-BAI: Creole) Translation: Conference on Civil Society Participation in Haiti’s UPR Outcome Document

BUREAU DES AVOCATS INTERNATIONAUX
3, 2ème Impasse Lavaud
B.P. 19048
Port-au-Prince, Haiti
244-7987/244-7988
Fax 244-7986
Email: avokahaiti@aol.com

Gwoup debaz yo ap prezante pèspektiv yo sou Dwa Moun an Ayiti nan premye Egzamen Peryodik Inivèsèl la

(Pòtoprens, 16 Out, 2011) — Nan mwa oktòb kap vini an, Ayiti pral pase pou premye fwa Egzamen Peryodik Inivèsel (EPI) sou Dwa Moun devan Konsèy Dwa Moun nan Jenèv, Laswis. Yon kowalisyon 57 gwoup debaz, òganizasyon dwa moun, mouvman sosyal ak enstitisyon akademik ap patisipe aktivman nan EPI. EPI a te etabli an 2006, li bay yon mekanis san parèy pou egzaminen piblikman dosye Dwa Moun tout peyi manm Nasyonzini. Ayiti se peyi ki pral pase egzamen sa a an dènye, a koz de tranbleman tè a. Gouvènman ayisyen an ta sipoze konsilte sosyete sivil la sou jan li pral prezante epi devlope rapò li, kijan Gouvènman an pral fè pou amelyore sitiyesyon dwa moun nan peyi a.

Kowalisyon gwoup debaz yo ap jwe yon wòl enpòtan pou asire yo EPI a baze sou enfomasyon ki korèk e y ap fè rèkomandasyon ki reflete priyorite sektè yo a.  Pou rezon sa yo, kowalisyon an te soumèt an total 13 rapò, ki kouvri plizyè sijè, pami yo: vyolasyon dwa pou vote, vyolasyon dwa lojman, vyolans seksyèl kont famn, e responsebilize gouvènman ayisyen an ak peyi donatè yo pou aplike yon apwòch ki baze sou Dwa Moun nan rekonstriksyon Ayiti apre tranbleman tè a.

Nan odyans devan Konsèy Dwa Moun nan vil Jenèv nan mwa Oktòb 2011 lan, peyi manm Konsèy Dwa Moun nan ap prezante rekòmandasyon yo bay Ayiti. Lè sa a, gouvènman ayisyen an pral eksplike kisa li pral fè pou amelyore sitiyasyon Dwa Moun an Ayiti. Gouvènman an dwe di piblikman kiyès nan rekòmandasyon yo li dakò aplike.

Kowalisyon an, nan rapò li yo, fè 147 rekòmandasyon bay Gouvènman Ayisyen an ak lòt peyi yo ki nan Konsèy Dwa Moun sou etap konkrè yo ta dwe pran pou amelyore dwa moun an Ayiti nan kat (4) pwochen lane k ap vini yo, lè Konsèy Dwa Moun nan ap genyen pou egzaminen Ayiti ankò. Pou pataje rekòmandasyon gwoup debaz yo ak popilasyon an, kowalisyon an ap fè yon konferans pou laprès chak semèn, e y ap pale nan radyo ak televisyon is rive nan mwa Oktob.

Avoka etranje yo, tankou Enstiti pou jistis ak demokrasi an Ayiti (IJDH) ki fè solidarite e ki travay avèk gwoup debaz yo deja rankontre kèk gouvènman ki chita nan Konsèy Dwa Moun nan nan lakou New York. Avoka sa yo te prezante rapò yo e fè pledwaye (lòbi) pou reprezantan sa yo ka itilize rekòmandsyon gwoup debaz yo nan odyans la, e pouse diskisyon sou responsabilite peyi donatè yo genyen pou respekte Dwa Moun nan èd y ap bay Ayiti.

EPI a bay yon opòtinite inik pou angaje gouvènman an sou Dwa Moun, e nou planifye pou fè yon pledwaye pou yon konsiltasyon nasyonal siyifikatif ak sosyete sivil la. Pèspektiv gwoup debaz ki reprezante kominote pòv ak deplase ènten yo patikilyèman enpòtan, e nou espere ke Gouvènman an ak Konsèy Dwa Moun nan ap koute vwa yo.

REKOMANDASYON POU LETA AYISYEN

Kowalisyon an mande Gouvènman Ayisyen an pou li pran aksyon sa yo:

1. Nan zafè ki konsène kad nòmatif ak enstitisyonèl pou adrese dwa moun: Leta  dwe pran aksyon imedyat pou ratifye ak aplike Konvansyon entènasyonal sou dwa ekonomik, sosyal, epi kiltirel ak Pwotokòl San Salvador a. Li dwe ratifye tou Konvansyon kont maspinay ak Pwotokòl opsyonèl li a, Premye pwotokol opsyonèl ki akonpanye Konvansyon dwa timoun an. Leta dwe travay pou ogmante kapasite ajans gouvènman an ki an chaj aplikasyon pwovisyon dwa domestik sa yo e li dwe elaji etandi ak kapasite Ofis pwoteksyon sitwayen pou li sa kapab mete an èv tout obligasyon entènasyonal dwa moun pou konfòme ak Prinsip Paris yo.

2. Nan zafè ki konsène obligasyon Gouvènman anvè sosyte sivil ak pwoteje sovrènte dwa pèp Ayisyen an: Gouvènman dwe asire ke tout sektè sosyete sivil la gen chans pou patisipe nan desizyon ki konsène devlopman, rekonstriksyon, ak kijan pou gouvène peyi a; li dwe ankouraje tou patisipasyon lib tout pati politik ki elijib nan eleksyon peyi a, ki konfòm ak regleman entènasyonal yo. li dwe ankouraje patisipasyon fanm nan la vi politik. Gouvènman Ayisyen an dwe mete an plas mezi pou ranfòse kapasite sosyete sivil ak tout ajans gouvènman an pou li ka defann soverènte li ak dwa pou li gouvène peyi a ak kreye pwogram ki dirab ak otonòm.

3. Nan zafè ki konsène la vi, libète, ak sekirite pèsonèl: Nan prizon yo, Gouvènman dwe elimine maspinay ak tretman ki kriyèl ak brital. Li dwe pran de mezi pou redwi kantite moun ki nan prizon, spesyalman moun yo arete ki pa janm al devan jij. Gouvènman an dwe kontwole aktivite tout fòs polis ak MINUSTAH pou yo ka asire ke yo konfòm ak règleman entènasyonal. Li dwe mennen envestigasyon ak pouswiv lajistis tout vyoasyon dwa, libète ak sekirite pèsonèl tout moun, menm si akize yo se travayè gouvènman an oswa travayè entènasyonal.

4. Leta Ayisyen dwe établi yon kalandriye pou retire minista nan peyi, e egzije pou otorite nasyonzini pran responsablite pou kolera. Gouvènman Ayisyen ak minista dwe établi komisyon ki resevwa plent tout vyolasyon minista fè e bay swivi devan lajistis nasyonal ak entènasyonal.

5. Nan zafè ki konsène administrasyon la jistis, enpinite ak la lwa: gouvènman dwe kreye ak ranfòse ajans pou ankouraje responsabilite nan tout nivo gouvènman, sistèm jidisyè, ak òganizasyon entènasyonal ki ap travay an Ayiti yo.

6. Nan zafè ki konsène dwa travayè ak kondisyon ki jis nan travay, epi tout dwa pou fome asosyasyon travayè ak fè pati konvansyon kolektif: Gouvènman Ayisyen an bezwen devlope pwogram ki ka kreye travay pou ranfòse kapasite tavayè yo, bay opònite pou yo resevwa yon salè ki ka sipòte yo ak fanmi yo e rann yo endepedan; Gouvènman an bezwen ranfòse kapasite Ministè afè Sosyal ak Travay ak tout tribinal travay yo, pou yo ka fè respekte tout lwa ki pwoteje travayè ak ba yo rekou lè dwa yo vyole; Gouvènman an dwe revize Kòd Lwa Travay 1961 an pou li ka konfòme ak règ entènasyonal, spesyalman Kòd la dwe entèdi asèlman seksyèl.

7. Nan zafè ki konsène dwa ak sekirite sosyal ak yon kalite de vi ki adekwa: Gouvènman Ayisyen bezwen dirije aktivite kominote entènasyonal pou li bay preyorite a ranfòsman kapasite Gouvènman Ayisyen an pou Gouvènman ka rive bay tout Ayisyen yon nivo de vi ki adekwa, tankou aksè a manje, dlo potab, ak sanitasyon. nan efò rekonstriksyon gouvèman dwe ankouraje òganizasyon entènasyonal la pou li achte ak itilize pwodwi lokal ak rejyonal; Gouvènman dwe adopte yon politik lojman ki respekte dwa moun pou moun k’ap viv nan kan yo; pase lwa ki ekzekitab sou konstriksyon batiman ak kay; mete yon sispansyon sou ekspilsyon moun ki nan kan yo.

8. Nan Zafè Ki Konsène Edikasyon ak Dwa Timoun: Gouvènman Ayisyen an dwe bay tout timoun aksè a edikasyon e li dwe envesti nan konstriksyon lekòl nan provens yo. Li dwe tou, bay pwofesè bon jan fòmasyon ak salè. epi enstriksyon lekòl yo dwe fèt an Kreyòl. Gouvènman Ayisyen an dwe adopte lwa ki kriminalize trafik timoun ak devlope yon plan aksyon, an konsiltasyon avèk sosyete sivil, e spesifikman òganizasyon yo ki ap travay pou konbat pwoblèm restavèk la, pou adrese pwoblèm restavèk la ala baz pou asire ke okenn lòt timoun pa jwenn tèt yo nan sitiyason esklavaj, oubyen travay fòse. Men yo gen opòtinite pou yo grandi menm jan ak lòt timoun. Pou gouvèneman garanti batistè pou tout timoun ak idantification pou tout sitwayen.

9. Nan zafè ki konsène anviwonman ak dwa anviwonman: Gouvèneman dwe fè popilasyon an konnen dwa li genyen nan zafè anviwonman pan kou dwa pou li jwenn bon jan lojman, bon jan dlo potab, bon jan kondisyon sanitè pou li travay ak pou li manje. Fòk gouvènman fè aplikè dysposysyon ki nan dekré 2005 sou anviwònman pandan lap respekte bagay Konstitisyon 1987 mande pou fé sou zafé anviwònman tankou dwa pou popilasyon enfòme li, dwa pouli pòte plent nan tribinal ak dwa pouli patisipe nan odyans piblik lè yap fè etid sou Enpak Anviwonman.

======================================

Men lis òganizasyon yo ki fè pati kowalisyon ki te soumèt rapò yo :
Aksyon Inivèsitè pou develòpman dirab (AIDD)
Antèn Ouvriye
Association Haïtienne de Droit de l’Environnement (AHDEN)
Association des victimes du Canape Vert (AVIC)
AVS
Bureau des Avocats Internationaux (BAI)
Bri Kouri Nouvèl Gaye
Center for Constitutional Rights
Center for Human Rights & Global Justice
Chans Altenativ
La Commission Rédaction, La Faculté de Science Humaine (FASH), Université l’Etat d’Haïti
Conférence des universitaires pour la défense des droits et de la liberté
Enstiti pou jistis ak demokrasi an Ayiti
Environmental Justice Initiative for Haiti
La Faculté d’Agronomie et de Médecine Vétérinaire (FAMV), Université l’Etat d’Haïti
FAVILEK (Fanm Viktim Leve Kanpe)
Femme conbattante avisées pour le developpement d’Haiti (FEMCADH)
Fondasyon Kolezepòl pou Sove Timoun
Fondasyon Limyè Lavi
Groupe d’Action pour la Defense des Droits Humains en Haiti
International Action Ties
International Women’s Human Rights Clinic at CUNY
Kan Benediksyon
Kan CCTT
Kan Kozbami
Kan CR-5
Kan CAPVVA
Kan Django Delmas 17 ekspilsyon fòse
Kan Kavil
Kan Fetre Michiko
Kan Imakile Deplase
Kan Michiko I
Kan Mozayik
Kan Refije
Kan SOHOMO
Kan Tousen Louveti
Kite Ayiti Viv
Kledev
KOFAVIV (Komisyon Fanm Viktim Pou Viktim)
KONAMAVID (Kodinasyon Nasyonal Viktim Dirèk)
LAMP for Haiti Foundation
Link Haiti
Louisiana Justice Institute
MADRE
Mennonite Central Committee
MOSFV
Moun Viktim (MOVI)
National Lawyers’ Guild Environmental Justice Initiative
Other Worlds are Possible
L’Organisation des Etudiants de l’Université de l’Etat d’Haïti (OEUEH)
Paloma Institute
Réseau de solidarité Canada-Haïti
Restavèk Freedom
Robert F. Kennedy Center for Justice & Human Rights
Sustainable Organic Integrated Livelihoods (SOIL)
TransAfrica Forum
UC Davis Immigration Law Clinic
UMODH
UnityAyiti
University of Pennsylvania Transnational Law Clinic
Women’s Link WorldWide
You.Me.We

Download PDF: http://ijdh.org/wordpress/wp-content/uploads/2011/08/Konferans-Lapres-16-Aout-1126-edit-1.pdf

Contact IJDH

Institute for Justice & Democracy In Haiti
15 Newbury Street
Boston, MA 02116

Telephone: (617) 652-0876
General Inquiries: info@ijdh.org
Media Inquiries: media@ijdh.org

Givva
Use Giving Assistant to save money and support Institute for Justice and Democracy in Haiti Inc.