Institute for Justice and Democracy in Haiti

Zefè Tribal : MINUSTAH, yon danje motèl pou Ayiti

Dimanche,  AlterPresse
28 octobre 2012

Willem Romeus *

Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 24 oktòb 2012

Antanke sitwayen ayisyen ki renmen peyi li, mwen pa asepte ditou prezans MINUSTAH an Ayiti. Plis lane ap pase, plis lendiyasyon ap monte nan kè mwen, nan tèt mwen, devan lokipasyon degize sa a k’ap kouri sou uit lane. Jodi a, MINUSTAH se yon gwo malè pandye, yon menas pou egzistans peyi a. Men pou ki rezon.

Chèf MINUSTAH a, pòtpawòl MINUSTAH ak sipòtè MINUSTAH yo, depi yo pran lapawòl, yo tonbe chante yo mete estabilite nan peyi a. Ki vle di: Ayiti gen enstitisyon sosyal, politik, ekonomik k ap fonksyone komsadwa. Ayiti se yon kote dyalòg ap mache, diskisyon ap fèt bò tab pou Demokrasi vanse, pou ekonomi fè kwasans, pou esklisyon kaba, pou lapè chita sou baz solid.

Tousa se manti. Tousa se pwopagann, koze lamayòt. Depi ki lè yon peyi ki ap vale teren nan koripsyon, nan klasman lamizè, nan lesefrape ensekirite te konnen pote kouwòn chanpyon nan konstriksyon demokrasi ? Alòske lavichè ap vire lòlòj pèp la, alòske kondisyon lavi ap degrengole, gason kou fanm pa wè ni devan ni dèyè, MINUSTAH pran twonpèt li pou klewonnen: bagay yo chanje!, Ayiti gen bonjan enstitisyon!

Kanta sa, se sa! Ayiti sitèlman estab ke Peyi Zanmi yo, nan vitrin komès yo, nan Wèbsayt ofisyèl yo, yo di envestisè, òmdafè peyi yo : pa ale an Ayiti!

Annou di pawòl la klè: depi ki lè yon peyi ki sou chapit 7 Konsèy Sekirite NasyonZini, ki vle di, yon peyi yo konsidere tankou yon menas, yon danje pou lapè, jan yo abiye Ayiti a, te ka atire invèstisè ak omdafè?

Wè pa wè, MINUSTAH se yon izin manti. Sa fè uit lane Ayiti ap debat nan manti. Men chak jou jwèt la ap tounen yon kwochèt malè, yon danje mòtèl pou Ayiti. Kwochèt sa a, se sa mwen rele Zefè Tribal la. Li se pitit taktik ak estrateji entèpozisyon NasyonZini mete kanpe pou destabilize Ayiti menmjan li destakilize tout peyi kote li pase. MINUSTAH-NasyonZini fòje zouti mannèv li rele Fòs Entèpozisyon an nan lane 45-50, apre dezyèm gè mondyal la. Li foubi li nan lane 60-65, nan peyòd dekolonizasyon Lafrik. Fòs Entèpozityon an ta la pou anpeche lagè fèt oubyen pou pa kite lagè devlope.

An 2004, eske Ayiti te nan lagè ? Eske gen lagè jodi a an Ayiti. Men, sa MINUSTAH ap tann pou li ale an Kolonbi ? Pouki sa MINUSTAH pa te ale fè entèpozisyon nan Kiba, Gwatemala, Brezil, Panama, Nikaragwa ak anpil lot kote latwoublay polotik te mete sitwayen yo fas a fas nan batay politik ?

Komkwa, tout batay pa lagè, men sèl batay an Ayiti pote non lagè. Epi tout batay ki mete nèg fas a fas se lagè tribal ? Konsa, MINUSTAH-NasyonZini debake an Ayiti pou enstale fòs entèpozisyon nan mitan tribi kap fè lagè.

Listwa di konbyen larivyè san fòs entèpozisyon sa a fè koule an Afrik, konbyen milyon Kongolè ak Rwanndè li mennen anba tè. Jenosid, se non yo bay machin lanmò NasyonZini ap pilote a. Se machin sa a MINUSTAH ap woule, lè li trase plizyè fwontyè nan peyi a, pou separe geto ak katye rezidansyèl, katye rich ak katye pòv, anwo lavil ak anba lavil, Petyonvil ak Pòtoprens, gouvènan ak gouvène, gouvènman ak lopozisyon, zòn vèt ak zòn wouj, zòn de non dwa ak zòn nòmal… Se zefè tribal la kap travay. MINUSTAH kanpe kazèn li kote li vle, li dekoupe peyi a jan li vle pou li fè kantite teritwa li vle. Tousa, nan yon peyi ki mezire 27750 kilomèt kare, kote lavi politik, kote pwoblèm politik pa mezire plis pase 7000 kilomèt kare.

Ak zefè tribal la MINUSTAH ap defèt inite kiltirèl ki fè Ayiti sa li ye a, yon peyi kote tout ayisyen, kit yo pòv kit yo rich, kit yo abite nan geto kit yo abite nan gwo katye, kit yo lòtbò kit yo nan peyi a, yo se ayisyen, pitit menm tè a.

Ak zefè tribal la MINUSTAH ap travay pou derasinen kilti nasyonal Ayiti a, pou li mete nan plas li yon kilti chaloska, kote lamizè ak esklisyon ap akouche resantiman ak entegris.

AYITI PA GEN LAGE. KOUPE FACHE PA DI LENMI. KOUPE FACHE PA DI MANDE LANMO, NI POU VWAZEN NI POU LAFANMI. E, jou bagay la mangonmen, jou laderezon menase, lang kreyòl la la, tanbou a la, 1804 la, Jean-Price Mars la, Jacques Roumain la, pou nan non Gran Mèt la, fè tout ayisyen sonje yo se frè.

Mannèv entèpozisyon an, zafè bati estabilite a, se dra pou kouvri, pou kache zefè tribal la. Ayiti se pitit Lafrik, li wè klè nan jwèt kwochèt la. Izin manti, izin echèk, izin jenosid, se sa MINUSTAH ye !

Ale, MINUSTAH, Ale silvouplè. Bon travay estabilite pou bonjan demokrasi, ayisyen ak ayisyèn a fè li.

Ale, MINUSTAH! Pa bliye ranmase jèm divizyon, kolera ak jenosid ou simen nan peyi a.

Ale, MINUSTAH! Isit, pa pouwa Lanperè Desalin, tout kretyen vivan se Ayisyen, tout kretyen vivan se Moun, kit yo nwè, kit yo jòn, kit yo blan.

MINUSTAH, ale silvouplè! Ou pa gen lizaj pou konprann Ayiti. Ou pa gen konprann pou ede Ayiti.

…………

* Ekriven/Pwofesè

Click HERE To See the Orig­i­nal Arti­cle

Contact IJDH

Institute for Justice & Democracy In Haiti
15 Newbury Street
Boston, MA 02116

Telephone: (617) 652-0876
General Inquiries: info@ijdh.org
Media Inquiries: media@ijdh.org

Givva
Use Giving Assistant to save money and support Institute for Justice and Democracy in Haiti Inc.