Institute for Justice and Democracy in Haiti

Konferans de Près : Mèkredi 26 jen 2013 nan BAI

Konferans de Près : Mèkredi 26 jen 2013 nan BAI

Jodi-a nou envite la près pou-n ka eksplike kouman otorite peyi-a vyole dwa prizonye yo nan  Mibalè, Ench ak Senmak. N-ap kòmanse ak Mibalè :

Prizon Mibalè-a mezire 186.3 mètkare. Se nan 186.3 mètkare sa yo ke yo anpile plis pase 470 moun ki repati konsa :

  • 224 kondane : 47.65 %
  • 246 an detansyon : 52.34 %

Kidonk, kalkil la senp, chak prizonye gen anviron 0.4 mètkare pou yo viv anndan prizon-an. Daprè nòm Entènasyonal yo, chak prizonye ta dwe gen 4 mètkare kòm espas pou-l viv (Ref. « Règles Pénitentiaires Européennes/Comité Européen pour la Prévention contre la Torture CPT). An Ayiti se 2.5 mètkare ke Leta rekonèt pou chak prizonye yo ; sa ki pi grav la, menm 2.5 mètkare  yo pa respekte  pou moun ki pa gen ran sosyal ak ekonomik yo. Nan sans sa gen 2 vitès, prizonye ki se moun afèbon ki gen gwo lajan, ran sosyal, relasyon oubyen ki gen koulè benefisye plis espas ak plis avantaj ke lòt yo ki lage 2 bra balanse.

Fòk nou di ke  prevni ak kondane fè yon sèl nan prizon-an, sa pa kadre ak atik 442 kòd Enstriksyon Kriminèl la ki di « Dwe gen yon espas pou moun kondane e yon espas pou moun ki pa kondane ». Sitiyasyon pwomiskwite sa fè moun yo ratrape anpil maladi nan prizon an tankou Gratèl, Beriberi, Kolera, Pwoblèm Respiratwa (sètadi etoufman), Pye Anfle, Pwoblèm Vizyon ak Dyare. (Epi m-pa bezwen di nou mesye dam ak chalè sa ki pi wo ane sa, nou pa bezwen mande-m kouman prizonye yo fè nan prizon yo !)

 

Nan prizon Senmak la, nou jwenn 411 moun an tou ki prizonye, gen :

  • 268 kondane : 65.20 %
  • 143 an detansyon : 34.79 %

Prizon Senmak la pa twò diferan de prizon Mibalè-a, tout moun ki kondane fè yon sèl ak moun ki pa kondane, la ankò atik 442 Kòd Enstriksyon Kriminèl la vyole yon lòt fwa ankò e atik 10 Pak Entènasyonal ki an rapò ak Dwa sivil e Politik la, ke Ayiti ratifye nan dat 6 Fevriye 1991 lan di « Prevni yo (sètadi prizonye ki pako finn jije, ki pa kondane) dwe separe ak moun ki kondane yo e yo pa dwe trete yo menm jan ak moun ki kondane, yo dwe gen yon tretman ki apropriye ak estati yo kòm prevni. Sèl ka ki te ka fè prevni ak kondane ta nan menm selil, se si ta gen yon sikonstans esepsyonèl ò nou tout konnen Ayiti pa fè pati de sikonstans sa yo. Kidonk, yon lòt fwa ankò, Lwa yo pa respekte e dwa prizonye yo pase anba pye.  Men, fòk nou di sa tou, prizon Senmak la gen yon tilakou rekreyasyon kote prizonye yo fè yon ti respire preske chak jou.

 

Lè nou rive nan vil Ench, nou jwenn 209 prizonye ki repati konsa:

  • 112 kondane : 53.58 %
  • 97 an detansyon : 46.41 %

Menm imaj la ankò vinn jwenn nou, pa gen espas ase pou prizonye yo vire kò yo epi tout prizonye alawonbadè, ke-l se prevni ke-l se kondane, tout menm kote-a. Mezanmi, atik 442 Kòd Enstriksyon Kriminèl la ak atik 10 Pak Entènasyonal sou dwa sivil ak politik la, se pa de pataswèl yo pa pran yon lòt fwa ankò. Saki pi rèd la, menm malad yo nan menm selil la tou e plis maladi nou jwenn nan prizon vil Ench lan se Tibèkiloz e nou konnen kijan maladi sa ka trape fasil ak maladi Sida tou ke nou jwenn : sa vle di dwa pou yon moun viv an sante-a, yo pa konnen-l. Donk, nou mande eske se touye yo vle maladi finn touye prizonye malad yo kifè ke yo pa mete yo apa pou yo ka jwenn la swenyay e kontamine lòt yo ki fè yo kite tout melimelo sa ap fèt nan prizon-an ?

Pou dwa moun yo ka respekte nan prizon yo, BAI ap mande :

  • Respè atik 442 Kòd Enstriksyon Kriminèl la
  • Respekte règleman prizon an ki rekonèt prizonye gen dwa pou yo dòmi tankou moun, aprann metye e latriye
  • Respekte atik 10 Pak Entènasyonal ki an rapò ak Dwa sivil e Politik la, ke Ayiti ratifye nan dat 6 Fevriye 1991 sou separasyon prevni ak kondane san bliye « ERM » yo ki se « Ensemble des Règles Minima » ke ONI te kreye sou tretman moun ki nan prizon tankou espas kote yo fèmen-an, kesyon lijyèn e latriye
    • Epi gen yon prizon ki fèmen nan Bèladè tou pre Mibalè, nou mande Leta fè reparasyon ladan-l konsa yon pòsyon prizonye kapab transfere ladan-l epi rès la ka rete nan prizon Mibalè-a, nou panse se pa twòp bagay li ye, konsa ya manyen viv tankou moun e jwenn diyite yo antanke moun.
      • An tou ka nou mande Otorite Leta yo pran men yo e nou mande Oganizasyon sosyal ak Oganizasyon dwa moun yo pou yo voye je nan sak kap pase nan prizon yo paske Tout Moun se Moun e Tout Moun dwe viv nan respè ak diyite.

NB.-Le 6 mai 2008, la Cour interaméricaine des Droits de l’Homme a rendu une décision en faveur de Yvon Neptune en Haïti, ordonnant au gouvernement d’élaborer un plan pour mettre ses prisons, qu’il a jugé «inhumain», en conformité avec les normes internationales minimales dans les deux années, ce qui n’a jamais été réalisé.

Contact IJDH

Institute for Justice & Democracy In Haiti
15 Newbury Street
Boston, MA 02116

Telephone: (617) 652-0876
General Inquiries: info@ijdh.org
Media Inquiries: media@ijdh.org

Givva
Use Giving Assistant to save money and support Institute for Justice and Democracy in Haiti Inc.