Institute for Justice and Democracy in Haiti

Seremoni Salem Awards la ak istwa BAI/IJDH

Atik sa dekri trè byen sa-k te pase nan seremoni Salem Awards la 23 mas 2014. Otè a pale de istwa BAI ak IJDH, istwa Salem Awards la, e kiyès ki te pale nan seremoni a.

Pri pou 2 avoka k ap goumen pou dwa moun an Ayiti !

Jane Regan, Haiti Liberte
24 mas 2014

Devan yon piblik entènasyonal ki te gen politisyen etzinizyen, jounalis, militan dwa moun ak plizyè sanmi Ayiti; dimanch swa, Salem Award Foundation for Human Rights & Social Justice te onore de (2) avoka k ap goumen pou dwa moun an Ayiti avèk yon pri ki sonje kouraj kèk moun te genyen nan vil sa a nan lane 1692, pandan yon seri pwosè kont swadizan “sorcières” kote otorite yo te touye 20 moun.

Mario Joseph, direktè Bureau des Avocats Internationaux (BAI) nan Port-au-Prince, ak Brian Concannon, direktè Institute for Justice & Democracy in Haiti (IJDH) http://www.ijdh.org/ , ki se patnè etazinizyen BAI, te resevwa 22zyèm “Salem Prize” pou travay y ap mennen an Ayiti ak Ozetazini pou dwa moun ak pou jistis pou ayisyen.

Salem Prize la se yon pri yon jiri Salem Foundation bay chak lane pou rekonèt “champyon dwa moun ak jistis sosyal nan tan modenn ki pa pè pale menm lè gen entimidasyon.”

Salem se yon vil sou kot lanmè Atlantik, 26 kilomèt nan nò vil Bostonn. Nan lane 1692, vil la te fè pati koloni Angletè yo to rele l “Massachusetts,” epi ki te anba kontwol divès lidè yon entèpretasyon radikal relijyon pwotestan yo to rele “Puritan.” Nan yon vag istwa, plizyè sentèn moun te tonbe anba akizasyon “sorcellerie.” Te genyen yon seri pwosè ki te kondane 19 moun – preske tout se te fanm – pou pèn lanmoò. Yo pann yo. Yon 20tyèm te refize pale. Li mouri anba presyon gwo woch yo te mete sou li pou eseye fòse l pale.

Nan diskou entwodiksyon li, Julie Rose, reskonsab Fondasyon an, te fè piblik le konnen yon ti kras sou travay BAI ak IJDH: nan defann viktim rejim Duvalier, nan pote plent kont Nasyonzini sou koze kolera, nan defann ouvriyè ak ouvriyèz ki pèdi travay yo.

Pandan li te sonje kouraj moun ki te kritike pwosè Salem yo, Congressman John Tierney (D-MA) te di li te fyè li gen edikasyon avoka, tankou 2 moun ki t ap jwenn pri yo. “Nou menm, avoka, nou travay nou se kanpe pou jistis,” li te di. “Nou tout swete kominotè entènasyonal kontinye kanpe zepòl-zepòl avèk nou.”

Tierney te di, lè Joseph te resevwa menas denyèman, li menm ak lòt palmantè etazinizyen te ekri Depatman Deta, pou mande yo fè gouvènman Michel Martelly konnen, menas sa yo pa akseptab.

Patricia Meservy, prezidan Salem State, pami pi gwo inivèsite piblik nan leta a, te mande Nasyonzini admèt reskonsabilite yo nan pote kolera, pandan li te salye 2 avoka yo. “Yo te itilize edikasyon dwa yo epi yo te fè l tounen yin byen piblik,” dapre li.

Pami lòt moun ki te pale, te genyen majistra Salem ak 2 etidyan Salem State, youn ayisyen-ameriken ki te fèt Ozetazini, ak yon lòt ki te fèt Jeremi. “Mwen apresye tout sa yo fè pou Ayiti,” Kinnflo Michel, moun Jeremi, te di. Yon etidyan nan dènye lane li, Michel ap etidye jistis. Li te pale sou Masak Jeremi ki te fèt nan lane 1964, ak sou zak solda Nasyonzini yo fè, tankou vyòl sou fanm ak gason ak asasina senp sitwayen nan lane 2005 nan Sitecolèy. Li remake, pa t gen jistis nan okenn ka sa yo. Michel te di, youn nan pi gwo pwoblèm an Ayiti se moun ki pè pran pozisyon.

“Anpil granmoun an Ayiti di timoun yo ‘si ou wè yon bagay – pa pale l; se ou panse yon bagay – pa pale l,'” li te di. “Sepandan, gen moun ki gen kouraj, ki pa pè pale.” Moun sa a se Mario Joseph,” daprè Michel, ki swete tounen avoka lè l fin gradye.

Nan diskou pa yo, Concannon ak Joseph te pale sou krim ak vyolasyon dwa moun nan Sale nan lane 1692, epi yo fè konparezon ak mank jistis ak vyolasyon dwa moun an Ayiti, jouk jounen jodia. Nan 1692, plizyè moun – pami yon jij ki gen non Cotton Mather – te konnen byen anpil, sa ki t ap fèt Salem yo pa t korèk. “Menm jan ak Cotton Mather, Nasyonzini konnen, sa y ap fè [sou dosye kolera],” li te di.

Concannon ak Joseph te di, tout travay yo fè, se rezilta travay anpil moun: lòt avoka nan ekip yo, stajyè yo, ak volontè, ansanm ak bourad bayè ki apiye travay la nan divès mannyè. Lè prezantasyon an te fini, tout piblik la te kanpe pou bat bravo pandan plizyè minit.

Apre, Mario Joseph te di, pri a enpotan pou li anpil. “Li enpotan paske sa bay travay nou vizibilite. Lè nou konsidere danjè ki genyen nan travay n ap fè a, li enpotan,” li te di. Loske entènasyonal la konnen, sa bay nou yon ti kras pwotèksyon epi sa ankouraje nou anpil, paske nou wè, anpi moun ap pran konsyans sou travay nou.

Aktyelman, gen 7 avoka ak 3 estajyè nan BAI, dapre Joseph. Yo enplike nan plis pase 100 ka, pami yo ouvriye ki revoke ak moun ki te anba tant epi yo mete nan lati ilegalman. Dènyeman, divès òganizasyon dwa moun nasyonal ak entènasyonal te konstate menas ak danje pou moun ki travay nan domèn dwa moun. Jou ki te 8 fevriye, Daniel Dorsinvil manm fondatè Groupe alternatif de justice (GAJ) ak kòdonatè Plateforme des organisations haitiennes des droits humains (POHDH), ak madanm li te mouri anba bal asasen. Anplis, lane dènye avoka dwa moun Patrice Florvilus te resevwa anpil meas pou travay li, you, dapre Amnesty International.

Pami lòt moun ak enstitisyon ki te resevwa Salem Prize la, genyen Morris Dees, fondatè Southern Poverty Law Center, City Life/Vida Urbana, yon òganizasyon ki goumen pou jistis ekonomik ak lojman nan zòn Boston, ak Coalition of Immokalee Workers ki goumen pou dwa ouvriye ak ouvriyez agrikilti nan Etazini.

 

Klike ISIT pou atik orijinal la.

Contact IJDH

Institute for Justice & Democracy In Haiti
15 Newbury Street
Boston, MA 02116

Telephone: (617) 652-0876
General Inquiries: info@ijdh.org
Media Inquiries: media@ijdh.org

Givva
Use Giving Assistant to save money and support Institute for Justice and Democracy in Haiti Inc.