Institute for Justice and Democracy in Haiti

Òganizasyon Dwa Moun Di Prezidan François Hollande: Ayiti pa bezwen charite, li bezwen jistis ak reparasyon

IJDH-logo

Kominike de près

Kontak:
Mario Joseph, Av., Bureau des Avocats Internationaux, (in Haiti), mario@ijdh.org, +509-3701-9878
Brian Concannon, Jr., Esq., Institute for Justice & Democracy in Haiti, brian@ijdh.org, +1-541-263-0029

Òganizasyon Dwa Moun Di Prezidan François Hollande: Ayiti pa bezwen charite, li bezwen jistis ak reparasyon

Yo rele òf pou efase dèt Ayiti a “derizwa” konpare ak sa la Frans dwe Ayiti

Pòtoprens ak Boston, 12 Me, 2015—Avoka defans dwa moun fè apèl a prezidan fransè a, Fraçois Hollande, pou li etabli yon plan aksyon pou li peye plis pase 21 milya dola ameriken ke la Frans dwe Ayiti nan zafè “dèt endepandans” ke la Frans te fòse Ayiti peye pou endepandans li an 1825. Avoka yo refize òf ke Prezidan Hollande fè ayiti pou li redwi dèt ke Ayiti dwe la FraNS Jodi a. Selon avoka yo, òf sa ensinifyan si nou konpare l ak sa la Frans vrèman dwe RESTITITYE Ayiti.

“Si Prezidan Hollande te pran la jistis o serye, li tap ranbouse, nan nom Repiblik la Frans ke li reprezante, dèt endepandans lan konfòmeman ak prensip dwa entènasyonal”, selon Mèt Maryo Joseph, ki se avoka e responsab yon kabinè avoka k ap defann dwa moun “Bureau des Avocats Internationaux” nan pòtoprens. Mèt Joseph kontinye e li eksplike ke, “la Frans vòlè kòb sa nan men Ayiti sou menas gwo zam e sou menas pou li retabli esklavaj nan peyi d’Ayiti nan epòk sa, e se pou sa ke la Frans dwe remèt kòb sa.”

An 1825, pou la Frans te rekonèt endepandans peyi d’Ayiti, yo te mande e Ayiti te aksepte pou li peye la Frans yon sòm kòb de 150 milyon fran lò, avèk enterè, pou satisfè revandikasyon sitwayen fransè ki te pèdi byen yo pandan guè endepandans la. Nan sa yo te kalifye kòm “byen”, te gen tou esklav ki t ap sèvi kolon yo ki te jwenn libète yo an 1804. Finalman Ayiti aksepte demand sa aprè la Frans te voye bato lagè sou lanmè ayisyen pou menase peyi a ke lap vinn retabli lesklavaj. Menm si la frans te toujou ap mennen yon politik ki te rekonèt lesklavaj a lepòk, li te kan mèm siyen kèk akò ki te entèdi esklavaj sou teritwa kote li te aboli deja. Se an 1947 ke Ayiti te finn peye dèt sa e sa te vinn fè yon gwo enpak negatif sou ekonomi peyi a. Ayiti te chwazi pou li kenbe angajman sa pou, li peye dèt la menm sis a te gen gwo konsekans sou devlopman ekonomik nan pwòp zafè pa li; sitou nan enfrastrikti ak edikasyon, 2 gwo sektè ke li te oblije neglije. An 2003, si nou konte enterè, yo te evalye ke dèt sa te plis pase 21 milya dola ameriken.

“La Frans ofri yon kòb ensinifyan sou yon pretèks ke lap fè charite”, selon deklarasyon Brian Concannon Jr., ki se Direktè Ekzekitif Institute for Justice & Democracy in Haiti, “Tandiske la jistis ta mande li peye yon kòb ki te ka menmn transfòme povrete an Ayiti.”

Pou gen aksè ak yon analiz jiridik ak yon kòmantè sou dosye dèt ke peyi la Frans dwe Ayiti, konsilte Restitution of Haiti’s Independence Debt from France.

Cliquez ICI pour la version française.
Click HERE for the English version.

Contact IJDH

Institute for Justice & Democracy In Haiti
15 Newbury Street
Boston, MA 02116

Telephone: (617) 652-0876
General Inquiries: info@ijdh.org
Media Inquiries: media@ijdh.org

Givva
Use Giving Assistant to save money and support Institute for Justice and Democracy in Haiti Inc.