Institute for Justice and Democracy in Haiti

Diskou Me Mario Joseph sou Tribinal Popilè Ayiti Ap Kreye

28 jiyè 2016

DiskouTribPopJounen jodi 28 jiyè 2016 la, nap komemore plis pase 100 lane depi ayiti sou okipasyon Etazini. Yon long peryòd okipasyon ki pran plizyè fòm : Okipasyon lanavaz depi 1857, National City Bank fè dappiyanp sou rezèv lò nou 17 desanm 1914, envazyon tout tèritwa peyi a (1915-1934), kolaborasyon ak diktati sanginè Divalye yo pandan 29 lane ( 1957-1986), dominasyon sistematik politik peyi a depi aprè 86, avèk anviwon 30 lane ekonomi  neyoliberal qui kraze prèske tout pwodiksyon Nasyonal nou an e sitou, prezans yon fòs ame Nasyon zini ( Minista) nan peyi a depi 12 lane.

DiskouTribPop2Men, nan kontèks komemorasyon santenè okipasyon sa ki vize mete an akizasyon, atravè tribinal popilè sa, pisans enperyalis amerikèn nan pou tout krim li fè pèp Ayisyen an,kòman nou kapab wè angajman Biwo Avoka Entènasyonal yo (BAI), pa rapò ak misyon l pou defann dwa moun ki pi pòv yo, dwa tout moun alawonnbadè genyen pou viv tankou moun, espesyalman dwa moun viktim kolera minista yo, fanm ak tifi ki viktim kadejak, vyolans seksyèl ak tout lòt zak vyolans dèyè do lalwa ?

Se nan sans sa dayè, nap ekspoze w eta avansman  dosye viktim kolera yo nan yon tribinal federal ameriken.

Jan tout moun konnen l nan, nan mwa oktòb 2010, Sòlda kontenjan Nepalè yo te entwodui kolera nan peyi a, espesyalman  nan rivyè Mey, afliyan flèv atibonit lan. Epidemi sa deja fè plis pase 10 000 mò ak plis pase 8850 000 lèzòt ki enfekte, chif nou dwe miltipliye pa 10 si nou vle pwòch verite a, daprè Medsen san Fwontyè. Malerezman, atout  prèv yo montre aklè verasite fè sa yo, espesyalman prèv pwòp ekspè pa yo, Nayonzini refize  aksepte responsabilite l pou l dedomaje viktim kolera yo oubyen fanmi yo, sou baz yo gen iminite. Kòmkwadire iminite vle di enpinite.

Se poutèt sa, BAI pran kouraj li ak de bra l pou l mennen dosye viktim kolera yo devan koudapèl  Manatann nan peyi Etazini, premye Mas 2016 la, kote nou te eksplike 3 jij ki sou dosye a, Nasyonzini pa ka gen iminite san li pa bay viktim yo altènativ. Nap rete tann desizyon jij yo, men kèlkeswa desizyon yo pran batay legal la ap kontinye jouk nou jwenn dedomajman viktim kolera yo. E nou prè pou nou Mennen dosye a jouk  nan lakou siprèm, oubyen nan tribinal nan yon peyi lewòp.DiskouTribPop3

Kolera gen gwo ensidans sou lavi viktim yo. 10 desanm ki sot pase la, jounen deklarasyon inivèsèl dwa moun, anviwon 3 mil viktim te ekri Konsèy Sekirite Nasyonzini an. Yo te eksplike kalamite yo. Sitou kòman yo kontinye ap soufri nan kò yo, sa vle di maladi a kite yo ak gwo doulè fizik. Viktim yo nan laperèz paske maladi a toujou la epi toujou pa gen anyen ki fèt pou yo jwenn bon dlo pou yo bwè. Kidonk, si kontenjan Nepalè a retounen poupou nan dlo a ankò, yap repran maladi a pou pi rèd.

DiskouTribPop4Espesyalis Franse Renaud Piarroux ,nan tout entèvansyon piblik li sou dosye sa, toujou raple sa ki te pase mwa oktòb 2010 la se yon gwo mechanste , lè li fè referans ak kantite, bann ak pakèt moun ki mouri nan de twa jou. Gen yon liv Ralph Frerichs fenk sòti ki gen pou tit Deadly River, ki vle di rivyè kap touye a. Nan liv sa, li reprann anpil afimasyon Doktè Piarroux , pandan li afime potanta yo konnen orijin maladi a, yo ka evite l gaye epitou li posib pou yo elimine l, men entrig politik fè li difisil pou fè sa. Li eksplike manèv politik gwo tonton òganizasyon entènasyonal yo tankou UN, OMS, CDC. Li kesyone konpòtman gwo òganizasyon entènasyonal sa yo. Peyi enperyalis yo itilize gwo òganizasyon sa yo pou destabilize Ayiti. Nou konnen anpil peryod destabilizasyon. Yo itilize fo pretèks, ki souvan pretèks banal pou yo okipe peyi, pou foure bouch nan zafè peyi.

Boutofen, nan kad batay pou rekire dwa grandèt majè peyi a nan tout globalite l, BAI kòm enstitisyon kap evolye nan chan jiridik la, se yon zouti konba ki toujou akonpaye tout lit pou emansipasyon soyal ak politik pèp Ayisyen an. Akote akonpayman legal nou bay moun ki pi pòv yo, angajman nou pran nan kominote ki pi rekile yo nan sousi pou jwenn yon evèy sitwayen ki pou pouse mas yo aji kòm aktè chanjman byennèt yo aspire pou li a oubyen solidarite ak lit sosyal ak popilè yo, BAI toujou jwenn yon mannyè pou li itilize tout ti sa ki genyen de pwogresis nan domèn dwa a pou avansman kòz emansipasyon mas yo.

Contact IJDH

Institute for Justice & Democracy In Haiti
15 Newbury Street
Boston, MA 02116

Telephone: (617) 652-0876
General Inquiries: info@ijdh.org
Media Inquiries: media@ijdh.org

Givva
Use Giving Assistant to save money and support Institute for Justice and Democracy in Haiti Inc.