Institute for Justice and Democracy in Haiti

Petisyon: Enkli fanm andikape yo nan Politik Egalite Fanm ak Gason

Petition for an inclusive approach respecting the equality of women with disabilities in the National Policy for Equality of Women and Men (2014-2034) launched by the Haitian government on 6 March, 2015

Gouvènman ayisyen an: Enklizyon fanm andikape yo nan Politik Egalite Fanm ak Gason

Siyen petisyon an ISI.

Petisyon pou yon apwòch politik ki pa chita sou eksklizyon ak inegalite kont fanm andikape yo nan Politik Nasyonal Egalite Fanm ak Gason (2014-2034) gouvènman ayisyen an te tanmen nan dat 6 mas 2015

Nou menm ki depoze siyati n anba petisyon sa, wete chapo n byen ba pou n salye lansman Politik Nasyonal Egalite Fanm ak Gason (2014-2034) gouvènman la, ki te tanmen nan dat 6 mas 2015 ki sot pase la. Nan kad politik sila, Leta Ayisyen di li manifeste volonte l pou konstwi yon peyi kote fanm ak gason ka viv nan kondisyon egal ego, yon mannyèpou yo jwenn jwisans tout dwa yo, epi tabli yon sosyete tout moun anndan san fòs kote. Malgre mepri gouvènman ayisyen an, politik sa a egziste.

Malgre, atout yap klenwonnen politik sila mete tout moun anndan, yo voye jete byen lwen fanm andikape yo, sitou lè nap konsidere yo pat menm invite yo, osnon yo pat konsilte yo lè yo tap elabore politik sa; sa ki se yon gwo zak diskriminasyon, osnon majinalizasyon. Mete sou kote fanm andikape yo nan politik nasyonal la, montre aklè kategori sila viktim yon sitiyasyon eksklizyon. Nap pale de yon dokiman estratejik, nan sis oryantasyon prensipal li yo, ki montre bezwen fanm ayisyèn yo pou ven lane k ap vini yo, san l pa sonje bezwen fanm ki nan sitiyasyon andikap yo.

Sis oryantasyon politik sila se : egalite devan lalwa ak jisits, edikasyon ki pa seksis, jwenn bon jan sante seksyèl epi ka fè pitit, bon jan mezi kont vyolans, egalite ekonomik, ak patisipasyon egal ego nan gwo desizyon ki gen rapò ak vi sosyete a. Nan tout oryantasyon sa yo, yo mete fanm andikape yo sou kote ; konsa yo vyole dwa sivil ak politik yo, dwa sosyal ak ekonomik yo tou.

Premye oryantasyon an ki se « Pou egalite devan lalwa ak jistis san fòs kote pou fanm ak gason ». Politik sa a rekonèt fòs kote ki gen nan sistèm jidisyè a « touche pi plis fanm ki nan gwoup ki pi frajil yo tankou fanm andikape yo ». Men, politik sa a pa tabli okenn objetkif ak mezi pou fini ak eksklizyon fanm andikape yo nan sistèm jidisyè a.Dayè, yo pa gen aksè ak sistèm jidisyè a epi li diskriminatwa, sa ki lakoz yo viktim de (2) fason : yon bò, akoz sèks yo, yon lòt bò akoz andikap yo. Mete sou sa, gen aktè nan chèn penal la (lapolis, jij, komisè gouvènman, eks.) ki diminye yo, neglije yo epi devalorize yo, anpil fwa otorite sa yo pa pwoteje yo epi yo trete yo « kokobe ».

Dezyèm oryantasyon an se « Pou yon edikasyon ki pa seksis ak modèl egalitè ». Se yon obligasyon pou mete fanm andikape yo anndan oryantasyon sa paske dwa pou fanm ak ti fi andikape yo jwenn bon jan edikasyon pa respekte ; yo ekskli yo nan sistèm edikatif la akoz andikap yo, diskriminasyon, asèlman ak vyolans seksyèl yap sibi.

Twazyèm oryantasyon an se « Pou yon aksè ak sante seksyèl epi ka fè pitit nan respè diyite fanm » . Oryantasyon sa voye jete byen lwen fanm ki andikape yo tou. Se yon gwo pwoblèm, paske dwa pou fanm ak ti fi andikape yo jwenn bon jan sante seksyèl epi ka fè pitit, se yon koze moun pa pale, atout sa pèmèt yo maltrete yo ak eksplwate yo. Mete sou sa, yo pa gen aksè ak enfòmasyon, ak sèvis ki pou pèmèt yo jere sante yo epi pwoteje tèt yo pi byen.

Katriyèm oryantasyon an se « Pou eliminasyon vyolans sou tout fòm ki fèt sou fanm ak ti fi ». yon lòt fwa ankò, politik sa koupe fache ak sitiyasyon frajil fanm andikape yo. Menm si reyalite a montre aklè, yap sibi kèk abi ak eksplwatasyon fanm ki pa andikape yo pa sibi. Mete sousa, yo banalize abi yap sibi yo.

Senkyèm oryantasyon an se « Pou yon egalite ekonomik epi aksè ak travay san fòs kote pou fanm ak gason ». Oryantasyon sa a tou, pa bobo ak fanm ki andikape yo. Menm si lwa sou entegrasyon moun andikape yo te egzije yon kota moun andikape nan tout enstitisyon prive ak piblik yo, dispozisyon sila a pa aplike epi li koupe fache espesyalman ak fanm ki gen andikap yo, dayèedifis piblik yo pa adapte epi yo pa aksesib. Yon lòt fwa ankò, fanm ki andikape yo deyò.

Sizyèm oryantasyon an se « Pou yon patisipayon egalitè fanm ak gason nan espas desizyon yo. » Menm jan an, oryantasyon sa a bliye fanm andikape yo, se yon veritab chatiman paske fanm andikape yo ap fè fas ak gwo pwoblèm espesyal, sitou lè nap konsidere patisipasyon yo nan aktivite politik. Pa egzanp, moun andikape ki gen pwoblèm pou deplase ki pa gen aksè ak sant vòt, oubyen ak kanpay elektoral yo poutèt koze diskriminatwa ki chita sou esteryotip (sèks ak andikap) kap chèche entimide epi dekouraje fanm andikape yo pou vote oubyen prezante tankou kandida.

Zak sasinay sou twa fanm soud yo : Jésula Germain, Vanessa Prévil ak Monique Vincent, montre aklè reyalite fanm andikape yo sosyete a mete deyò. Trajedi sa montre tou nesesite pou mete fanm andikape yo anndan tout mezi kap pran ki vize tout bon vre enklizyon yo, pwoteksyon yo, dwa pou yo jwennbon jan enfòmasyon ak egalite fanm ak gason.

Nou menm, ki siyen petisyon sa, mande ak tout fòs nou pou yo rewè Politik Egalite sa, yon mannyè pou li marande ak bezwen fanm ki nan sitiyasyon andikap yo, nan sa ki gen awèn ak oryantasyon yo : lajistis, edikasyon, lasante, mezi kont vyolans, travay, ak patisipasyon nan espas desizyon yo. Mete sou sa, li enpòtan pou Leta respekte obligasyon legal li yo, sou plan nasyonal ak entènasyonal.

Daprè Konstitisyon peyi Dayiti, lè leta ratifye trete entènasyonal yo, li tou fè pati lejislasyon Ayiti a, epi yo anile tout lwa avan ki pa bobo ak yo. Jan politik sa te fè konprann li an, konstitisyion Peyi a ak plizyè konvansyon entènasyonal Ayiti te ratifye, rekonèt egalite fanm ak gason ak prensip non-diskriminasyon kont fanm :Deklarasyon Inivèsèl Dwa moun nan, Pak Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik la, ansanm avèk Konvansyon sou eliminasyon diskriminasyon sou tout fòm kont fanm lan.

Gen lòt konvansyon entènasyonal Ayiti te ratifye ki egzije prensip non-diskriminasyon an kont moun andikape ak fanm ki nan sitiyasyon andikap, pa egzanp, Konvansyon sou dwa moun andikape yo (at.5) ak Konvansyon Entèramerikèn pou eliminasyon sou tout fòm diskriminasyon kont moun andikape yo (at. 2, 3). Mete sou sa, Konvansyon Entèramerikèn sou prevansyon, sanksyon ak eradikasyon vyolans kont fanmnan, rekonèt jan fanm andikape yo frajil, espesyalman fas ak vyolans (at.9). Poutan, Politik nasyonal egalite Fanm ak Gason an boude konvansyon enpòtan sa yo.

Ayiti te ratifye Konvansyon sou dwa moun andikape yo(KSDMA) nan dat 23 jiyè 2009 la, kidonk li fè pati de lejislasyon an. Atik 6 KSDMA a di « Leta ki fè pati konvansyon an rekonèt fanm ak fi ki andikape yo ekspoze ak tout sòt diskriminasyon epi y ap pran mezi nesesè pou pèmèt yo jui tout dwa moun yo ak tout libète fondamantal yo plènman epi nan kondisyon egalite ». Atik 4 (c) KSDMA a prevwa Leta dwe « pran an kont moun ki andikape yo nan tout politik ak tout pwogram yo ».

Pou rezon sa yo ak lòt ankò, nou menm ki siyen petisyon sa a, ap mande pou Leta rekonèt sitiyasyon eksklizyon ak inegalite fanm nan sitiyasyon andikap yo epi egzije revizyon politik sa a, nan bon jan konsiltasyon ak gwoup fanm ki nan sitiyasyon andikap yo,pou tande revandikasyon espesifik yo. Alèkile, li nesesè pou gouvènman Ayisyen an revize Politik nasyonal egalite Fanm ak Gason sa a, nan pran bon jan mezi kap pèmèt li mete fanm ki nan sitiyasyon andikap yo anndan l, sandi petèt yap ka jwi dwa yo tout bon vre.

 

Siyen petisyon an ISI.

Contact IJDH

Institute for Justice & Democracy In Haiti
15 Newbury Street
Boston, MA 02116

Telephone: (617) 652-0876
General Inquiries: info@ijdh.org
Media Inquiries: media@ijdh.org

Givva
Use Giving Assistant to save money and support Institute for Justice and Democracy in Haiti Inc.