Institute for Justice & Democracy in Haiti

IJDH Home Home Page / Articles / Violence in the Metropolitan Area, National Justice and Peace Commission   

About IJDH
-Our Work
-Our Mission
-IJDH Board of Directors/Staff
-IJDH in the News
-Bureau des Avocats      Internationaux
-IJDH Annual Reports


Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè

Commission Episcopale Nationale Justice et Paix

Secrétariat national

BP 1572

Port-au-Prince Haïti 6110

Tel / Fax 222 78 99

 ak

 Jistis ak Lapè Achidyosèz Pòtoprens

Sekretarya

Acheveche

Pòtoprens

Vyolans nan lari zòn metwopoliten an

Me - Jen 2005

Bilan 3 lane obsèvasyon

Rapò 15

Pòtoprens, 2 daou 2005

Lèt tou louvri pou otorite ki konsènen yo:

Me Henry Dorléan, Minis Lajistis

Me Jean L. Audain Daniel, Komisè Gouvènman nan Pakè Tribinal Sivil Pòtoprens

M. Mario Andrésol, Direktè Lapolis Nasyonal

Mme Jessy Cameau Coicou, Pòt pawòl Lapolis Nasyonal

M. Frantz Jean-François, Enspektè Jeneral Anchèf Lapolis Nasyonal

Mesye, Madam,

Otorite sivil ak polisyè,

Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè salye n ak anpil respè. Jou ki te 29 jen 2005 lan, Komisyon Jistis ak Lapè nan achidyosèz Pòtoprens te òganize yon konferans deba, kote l te prezante rezilta 3 lane obsèvasyon li fè sou vyolans nan zòn metwopolitèn nan. Lè sa a, li te lanse yon apèl pou tout moun pran konsyans : « Lit kont vyolans nan peyi a, se zafè chak moun ». Si moun pa pran konsyans enpòtans kesyon an, si tout moun pa dakò chèche lòt chimen pou regle pwoblèm peyi a, si chak moun pa pran reskonsablite l, zafè ensekirite a ap rete tennfas nan kapital la ak nan peyi d Ayiti.

Ki jan 3 lane ki sòt pase a te ye ? Komisyon an te pibliye 15 rapò pandan epòk sa a. Li anrejistre 2015 ka kote moun mouri ak vyolans. 864 nan yo te mouri ant jiyè 2002 ak fen mwa fevriye 2004 (20 mwa), epi, te genyen 1151 viktim ant mas 2004 rive jen 2005 (16 mwa). Men reyalite a dwe pi wo toujou. Vyolans lan ogmante serye nan dènye mwa sa yo. Sa vle di, pwoblèm yo ki lakòz vyolans la pokò rezoud. Okontrè, jounen jodi a genyen plis fristrasyon, genyen plis lavi chè. Pami rasin yo ki mennen oswa ki ankouraje vyolans la, nou jwenn enpinite, konfli ant gwoup ak zam oswa gang, genyen lit pou pouvwa politik, genyen otorite ki manke pran reskonsablite yo ak feblès Leta a, genyen mete moun sou kote nan sosyete a, lamizè, anviwònman ak ekonomi an ki an degraba, genyen zafè dwòg ak aktivite kriminèl yo, genyen zam k ap sikile san kontwòl, gwoup k ap aji sou lòd lòt moun epi endiferans sitwayen yo.

Komisyon an kwè yon gwo sous vyolans nan peyi a sòti nan jan yo fè politik nan peyi a, fason yo jere pouvwa ak fason yo òganize lit pou pouvwa politik la. « Moun ki kenbe wòl Leta a dwe sèvi ak sèl mwayen lalwa bay yo pou jere pouvwa a. Sitwayen yo dwe sèvi ak sèl mwayen lalwa bay yo pou defann dwa yo. Afebli enstitisyon Leta yo, bay zam nan men tout kalte gwoup popilè pa diy yon otorite reskonsab. Tout moun ki nan lit pou pouvwa oswa ki nan jesyon pouvwa a, reskonsab pou konstwi yon pratik politik ki pa detwi fondman moral sosyete a. » (Rapò 10).

Pami moun k ap fè vyolans, nou wè anpil jèn ak timoun ki anwole nan gwoup ak gang sa yo, swa yo fòse yo, swa yo manke edikasyon ak tout kalte ankadreman sosyal, swa yo panse se li yo dwe fè pou regle pwoblèm yo. Tout sa preyokipe nou anpil. Ki sa peyi a ap devni nan kondisyon sa a ?

Ak nouvo lèt tou louvri sila a, Komisyon an prezante n yon lòt rapò sou vyolans ki fèt nan zòn metwopolitèn nan, pou mwa me ak jen 2005 la. Tankou pou rapò anvan yo, nou chwazi yon kritè senp pou mezire vyolans la : se moun ki mouri anba vyolans nan kapital la. Nou te konsilte laprès, nou te koute divès moun ki pote enfòmasyon ba nou, epitou nou fè pwòp obsèvasyon pa nou. Men, ak tout sa nou rekonèt rapò sila a genyen limit li. Li pa posib pou dekouvri tout ka ki genyen yo. Reyalite a depase sa ki ekri nan rapò sila a. Nou fè travay sila a pou fè otorite yo ak tout sitwayen yo konnen reyalite vyolans ki genyen nan peyi a, paske se li menm ki pi gwo lènmi byen viv ansanm nan sosyete nou an.

Nan mwa me ak jen 2005, nou rive jwenn 169 moun ki pèdi vi yo anba vyolans : 79 nan mwa me ak 90 nan mwa jen 2005. Men chif viktim yo kab pi wo toujou, jan n esplike l nan rapò a. Chif yo montre gwo vyolans ki te genyen, si n konpare yo ak mwa ki te anvan yo. Gen plizyè evènman ki fè anpil moun viktim an menm tan. Gen plis vyolans ak agresivite nan moman lè gen konfwontasyon ak zam.

Men sa ki atire atansyon nou

 

 

Mwa me 2005

Kantite viktim: 79

Mwa jen 2005

Kantite viktim: 91

1.Sou idantite viktim yo:

Polis ak ajan sekirite ki viktim

 

2 polisye

 

3 polisye / 3 sekirite

Fi ak timoun ki viktim

10 fanm (2 ansent) / 3 timoun

11 fanm

Viktim yo pa konn kilès yo ye

30

62

 

 

 

2.Sou sa ki lakòz lamò yo:

Moun ki mouri ak bal

 

53

 

88

Moun ki mouri ak bal lapolis / Ministah

4

37

Moun ki mouri ak bal nan afwontman gang ak lapolis (delè ak Ministah)

 

6

 

9

Moun ki mouri ak bal bandi sou etikèt Lavalas

11

18

Moun ki mouri ak bal nan afwontman gang ak gang

18

9

Moun ki mouri ak bal nèg ak zam yo pa idantifye

14

15

Moun ki mouri ak zam blanch,wòch,baton

3

2

Moun ki mouri nan aksidan / ekoloji

23 ekoloji / 1 aksidan

 

 

 

 

3.Sou kèk katye:

Belè, Dèlma 2 ak 4, Fò Nasyonal, Solino

 

-

 

54

Lasalin, Site Solèy, Site Militè

35

3

Zòn Kafou

10

6

 

 

 

4. Sou kèk lòt sikonstans lanmò yo:

Moun ki mouri sou etikèt volò

 

2

 

1

 

Men kèk prensip ki t ap gide n depi 3 lane nan obsèvasyon sila yo:

 

Nou kondane tout fòm vyolans. Nou defann diyite moun.

 

Komisyon an toujou denonse tout fòm vyolans, kit se vyolans otorite ap fè sou moun san lalwa pa pèmèt sa (sa yo rele vyolasyon dwa moun), kit se vyolans sitwayen ap fè sou sitwayen (sa yo rele krim). Menm si rapò yo pa pale sou tout fòm vyolans ki genyen, nou konsidere tout vyolans tankou yon atak sou respè yon moun merite ak sou diyite ak sou dwa l genyen pou l viv an sekirite, paske li se moun ak sitwayen nan peyi a. Nou kondane tout menas ak entimidasyon, vyòl ak lè yo blese moun, vòl ak lè yo boule machin ak kay moun. Komisyon an kondane zafè kidnapin ki fè moun pèdi libète l, ki blese diyite yo, ki fè yo tounen yon machandiz yo negosye pou lajan. Vyolans, tolere oswa ankouraje vyolans pa siye ak diyite nou kòm moun pou rezoud pwoblèm ak konfli ki genyen pami moun, menm nan domèn politik.

 

Nèg ak zam sou etikèt Lavalas ak lòt gwoup ak zam ki difisil pou idantifye, men ki mare ak lòt enterè politik ak ekonomik oswa ak kriminalite, toujou aktif anpil, yo lakòz anpil vyolans fèt. Leta genyen kòm devwa pou konbat vyolans. Se li sèl ki kapab genyen zam ak mwayen nan men l, pou fè moun respekte lalwa. Privilèj sa a, Leta ak lapolis genyen, koresponn ak reskonsablite yo pou tabli yon klima sekirite pou tout moun nan peyi a. Menm si lapolis gen dwa sèvi ak vyolans nan kèk ka selon sa lalwa fikse, li dwe konnen: sèvi ak vyolans sèlman pou fini ak vyolans pa p bay solisyon. Plis toujou, sèvi ak vyolans dwe fèt ak moderasyon, ak konpetans nan respè dwa tout moun. Eske lapolis mezire fòs li kòmsadwa? Eske genyen respè pou dwa moun tout bon lè lapolis ap aji nan katye popilè, oswa lè l ap rapouswiv malfektè?

 

Komisyon an rekonèt jan lapolis li menm tou viktim anba vyolans. Plizyè polisye tonbe viktim etan y ap travay pou mete sekirite ak pou pwoteje lavi lòt moun, yo viktim nan pwoteje ak sèvi popilasyon an. Anba rejim Lavalas nou te konte 10 polisye ki tonbe viktim; anba gouvènman tranzisyon an, 50 polisye pèdi vi yo. Komisyon an prezante kò polis la tout senpati li.

 

Depi plis pase yon lane, genyen fòs sekirite LONI nan peyi a. Wòl Minustah genyen nan konbat vyolans lan pa toujou klè. Plizyè temwayaj ki rive jwenn nou montre Minustah pa toujou pwoteje sitwayen yo lè bandi ap menase vi yo. Konsa yo vyole dwa moun sa yo ki bezwen asistans ak sekirite. Lapolis tou ap denonse mank kolaborasyon ki genyen ant de kò sa yo.

 

Defann diyite ak dwa moun se defann laverite.

 

Yon lòt prensip ki gide rechèch nou, se respè pou laverite. Obsèvasyon nou an vle bay yon kontribisyon pou tabli laverite sou sa k pase nan peyi a. Tout moun gen dwa defann lide yo, men se pa ak nenpòt ki mwayen. Fòk tout moun renmen laverite. Sa se yon prensip tout moun dwe respekte.

 

Nan travay nou, nou konstate gwo diferans ki genyen ant divès kominike ak deklarasyon k ap fèt nan moman vyolans ap fèt yo. Nan twa lane ki sòt pase yo, anpil fwa, sa temwen dirèk yo te fè n konnen pa toujou menm ak sa pati ki nan konfli yo oswa lapolis t ap di. Genyen plizyè egzanp pou montre sa, ni sou ansyen rejim Lavalas, ni sou gouvènman tranzisyon an. Kontradiksyon ant deklarasyon PNH ak Ministah nan dènye ane sa a se yon lòt egzanp. Plizyè enfòmasyon ki sòti nan katye popilè yo mande anpil prekosyon nan sans sa a tou.

 

Yon lòt pwen toujou. Toutan lapolis ap anonse genyen arestasyon malfektè k ap fèt, men, nou pa janm wè ki kote moun sa yo parèt devan yon jij oswa ki kote gen pwosè k ap fèt kote yo mete verite a aklè epi kote yo kondane koupab yo. Nou toujou ap tann rezilta divès ankèt Leta te anonse, ni sou rejim Lavalas, ni sou gouvènman tranzisyon an. Men kèk egzanp:

 

 

Enfòmasyon se yon dwa tout moun genyen, men tout enfòmasyon dwe chita sou laverite. Sa se yon obligasyon moral pou tout moun ki genyen reskonsablite pou enfòme lòt. Kapab genyen divès fason pou wè yon reyalite, men laverite pa dwe rete prizonye enterè politik oswa ekonomik. Byen viv ansanm nan yon menm peyi ap toujou rete difisil, l ap vin enposib si pa gen swaf laverite.Ann sispann fè dezenfòmasyon ak manti tounen yon zam nan yon lit politik.

 

Lavi moun se pi gwo trezò. Nou fèt pou respekte l.

 

Komisyon an fè sonje: lavi chak moun sakre, menm si n bezwen kondane zak yon moun ap fè. Si yo kapab arete yon malfektè, se pou yo arete l pou laverite kapab tabli devan tribinal, pou reskonsablite chak moun kapab parèt aklè. Se yon wont pou disparèt yon moun, poutèt gen lòt ki pè pou laverite pa parèt.

 

Pandan twa lane obsèvasyon, nou konstate anpil moun mouri anba bal lapolis. Menm si deklarasyon ofisyèl lapolis fè konnen se bandi ki mouri nan afwontman ak lapolis, genyen divès viktim inosan pami yo. Nou konstate tou, genyen plizyè ka egzekisyon sòmè, gen ka kote yo te kab metrize moun nan, oswa kote yo touye l apre yo te fin metrize li. Sa te fèt sou ansyen rejim Lavalas, li kontinye ap fèt sou gouvènman tranzisyon an toujou.

 

Nou deja pale sou pakèt jèn ak timoun ki angaje tèt yo nan vyolans, oswa yo fè yo antre nan zak vyolans. Poutèt respè lavi jèn ak timoun sa yo, sosyete a ak otorite Leta yo gen gwo reskonsablite oganize edikasyon ak travay pou yo kapab itil tèt yo ak sosyete a.

 

Fason yo aji ak kò moun ki mouri yo pa montre respè pou sitwayen nan peyi a. Pèp nou an ap pèdi youn nan pi bèl tradisyon li te genyen yo: respè pou mò. Leta dwe panse seryezman pou genyen yon kote yo antere moun ki pa gen non, yon fason ki montre respè pou kò sitwayen l.

 

Nou peye kriz la twò chè: se tout respè pou diyite moun k ap depafini nan men n. Konbyen tan sa ap dire pou rekonstwi yon mantalite respè k ap disparèt nan kondisyon sa a?

 

Se pa ak vyolans moun dwe regle konfli ant yo menm.

 

Vyolans kòm mwayen pou regle konfli ak dezakò nan mitan moun pa siye ak diyite moun genyen. Peyi a bezwen yon bon dyalòg sensè nan laverite, li bezwen konsètasyon, chita tande ou konferans nasyonal ki antre byen fon nan tout rasin sosyal ki kreye fristrasyon, ki kreye mizè, ak mete moun sou kote. Nenpòt ki non nou bay pwosesis la, nou pa kapab pase akote reyalite sila a. Ki peyi nou vle? Ki jan pou fè pou pa gen moun sou kote? Tout pwoblèm ki pa regle nan pale ansanm kòm moun reskonsab, ap rete yon sous fristrasyon ak vyolans pou pi devan.

 

Komisyon an mande pou lidè politik ak sosyal yo pa kite moman sa a pase, san yo pa antre nan yon pwosesis chita tande, kote tout pwoblèm kapab diskite, kote tout moun kapab brase lide yo ak fason yo wè sosyete a, san okenn kategori sosyal oswa gwoup politik pa santi yo mete l sou kote.

 

Men ki sa n kontinye mande otorite yo:

 

Nan chak rapò, Komisyon an fè rekòmandasyon. Sa te fèt konsa lè sete rejim Lavalas, se konsa sa fèt tou ak gouvènman tranzisyon an. Nou pa kab di otorite yo, ni ansyen yo, ni nouvo yo, bay rekòmandasyon sa yo anpil enpòtans. Epoutan nou kwè nan wòl nou genyen pou ede otorite yo konprann sitiyasyon vyolans la pi byen.

 

Men ki sa n te mande PNH

 

Konsa, nou te mande pou lapolis pran mezi pou retabli konfyans ant sitwayen yo ak li menm. Li dwe pran mezi kont manm li yo ki fè sa k pa sa, tankou britalite, egzekisyon somè ak lòt vyolasyon dwa moun. Lapolis dwe idantifye l kòmsadwa lè l ap fè entèvansyon. Nan denye pwen sa a nou wè yon ti chanjman ap fèt.

 

Fòk sitwayen yo kapab rive jwenn lapolis nenpòt ki lè pou yo kab siyale sa k nesesè, epi fòk lapolis reponn. Fòk nimewo ijans yo klè epi fasil pou tout moun. Fòk tout rezo telefòn nan peyi a bay aksè gratis ak nimewo sila yo.

 

Li pa nòmal pou moun yo arete pou idantifikasyon yo, bezwen negosye liberasyon yo lè yo pa nan anyen, jan sa konn fèt nan plizyè gadavi ki sou kont PNH, kote moun inosan pafwa peye gwo lajan pou yo kite yo ale.

 

Otorite yo dwe konnen, yo pa p regle pwoblèm vyolans la ak sèl represyon moun ki gen zam yo. Vyolans an jeneral ap fè grandi santiman revòlt, fristrasyon, lahèn ak anvi vanjans, sitou lè inosan tonbe kòm viktim. Yon sosyete pa kab egziste sou santiman sa yo. Polis la dwe pi pwofesyonèl nan entèvansyon l yo. Li dwe jere vyolans la ak anpil konpetans e prekosyon. Li dwe konsyan gwo reskonsablite l genyen pou mete lapè ak kondisyon byen viv ansanm nan peyi a.

 

Minustah ak kominote entènasyonal la

 

Depi Minustah sou teren an, chak jou pi plis li parèt evidan wòl li ta dwe pi klè, epi mòd kolaborasyon l ak lapolis nasyonal la dwe klè tou. Prezans Minustah nan peyi a se ranfòse fòs lokal yo pou yo vin pi konpetan nan misyon yo.

 

Kominote entènasyonal la menm pa ka rete nan fè pwomès sèlman : Washintòn, Giyàn, Monreyal. Ki sa k chanje nan lavi moun ki pòv yo? Ki espwa moun kapab genyen pou yon alemye, apa kèk pwomès ki pokò ka janm abouti? Avni yon peyi pa kab bati sou pwomès ase. Dwe genyen chanjman reyèl nan lavi malere ak pòv yo.

 

Lajistis

 

Sistèm jidisyè a tou dwe alawotè travay li . Li pa nòmal pou jij kòwonpi lage moun yo arete pou lajan, san pa gen ankèt k ap fèt kòmsadwa. Li pa nòmal pou moun rete nan gadavi ak nan prizon nan detansyon pwolonje, nan move kondisyon. Li pa nòmal pou toutan arestasyon ap fèt san pa gen jijman k ap fèt.

 

Poukisa, apre 18 mwa pi gwo vyolans nan kapital la, otorite yo pa janm kapab montre kote sous vyolans la ye gras ak jijman ki fèt, ak moun yo kondane pou move zak yo, san fòs kote, san pa gen voye monte? Sèl yon lajistis onèt, konpetan e kòrèk kapab mete tout moun alèz. Lè sa, ni sitwayen yo ni lapolis pa p bezwen pè pou bandi ki lage vin tire vanjans sou yo.

 

Fini ak rèy enpinite a. Depi nan premye rapò nou, nou t ap di : sèl fason pou konbat vyolans epi fè popilasyon an pa fin viktim, se fè koupab yo pran reskonsablite pou zak yo poze yo. Se sa konbat enpinite a vle di. Apre twazan, aprè tout chanjman gouvènman ak bèl pwomès, nou konstate lit kont enpinite rete nan menm degre. Okontrè, kèk desizyon jij yo pran nan peyi a, nan divès nivo, sanble ale nan sans pi gwo enpinite. Egzanp: èske Kou kasasyon an vreman te bezwen 5 lane pou wè si pwosè Raboto a pa t fèt kòmsadwa?

 

Men ki sa n mande Egzekitif la

Depi diktantan, Komisyon an ap mande yon dezameman konsekan, yon pi gwo kontwòl sou tout zam yo ki deyò a, yon kontwòl pi sere sou divès pèmi ki genyen pou yon moun pote zam, ak pi gwo severite lè moun ki pote zam pa genyen yon pèmi kòmsadwa.

 

Depi gouvènman tranzisyon an la, nou mande tou pou gen yon devlòpman konsekan ki pote chanjman nan kondisyon ekonomik ak sosyal popilasyon an. Nou mande pou Leta prezan nan katye popilè yo yon fason ki pèmèt moun sou kote yo santi yo sitwayen toutbon nan peyi a. Ensekirite se pa menas ki gen ak zam sèlman. Ensekirite sòti tou nan grangou, chomaj ak move sèvis Leta. Ensekirite se rezilta kondisyon dezespwa anpil moun blije viv ladan l. Kidonk, konbat ensekirite pa kapab yon kesyon represyon sèlman. Lit kont ensekirite a mande pou kreye travay, pou òganize swen lasante ak bon lekòl. Nou ankouraje Gouvènman an pou li pa rete nan bèl pwomès sèlman, men pou l òganize sèvis Leta yo kòmsadwa. Ki sèvis Leta k ap fonksyone nan katye popilè yo ?

 

Gouvènman an dwe pran mezi yo ki kapab fasilite yon dyalòg nasyonal. Li dwe sèvi ak yon langaj ki pa mete moun sou kote ; li dwe evite fè akizasyon san l pa bay prèv pou sa l ap di yo ; epitou, genyen yon seri mezi politik ak sosyal li kapab pran pou ede chita tande a fè yon pa annavan.

 

Sa n mande tout sitwayen

 

« Voye jete tout makonnay avèk tout zak ki ta sanble ak sa ki mal, oubyen ki sanble makonnen konpòtman yo ak zak bandi » (Nòt CEH, 21 jiye 2005). Respekte laverite, menm si ou pa dakò ak moun ki anfas ou a. Respekte laverite, voye jete tout voye monte.

 

Apresye tou jefò k ap fèt pou chanje lavi moun, nenpòt kilès k ap fè l, depi se pou byen kominote a. Ankouraje Leta pou l pran reskonsablite l. Pa kraze jefò lòt ap fè pou annapre yo kab di : anyen pa fèt, pou fè kapital politik.

 

Nou menm otorite, nou reskonsab pou òganize yon Leta ki alawotè reskonsablite li . Nou gadyen sa k nan enterè tout sitwayen yo nan yon peyi. Nou pa mande okenn favè. Nou sèlman mande pou sa k nan pozisyon otorite fè devwa yo kòmsadwa.

 

Pou Komite Direktè Nasyonal la, sou rapò Jilap Achidyosèz la.

 

 

 

P. Jean Hanssens

Direktè Jistis ak Lapè

Traduction en français

 

 

La Commission Episcopale Nationale Justice et Paix vous salue respectueusement. Le 20 juin passé, la Commission Justice et Paix de l’archidiocèse de Port-au-Prince a organisé une conférence de presse pour présenter le bilan de 3 ans d’observation de la violence dans la zone métropolitaine. A cette occasion elle a lancé un appel à la conscience de tous les citoyens : Lutter contre la violence est le devoir de tous et de toutes. Tout le monde doit prendre conscience de l’importance de cette question. Si tout le monde ne prend pas sa responsabilité, l’insécurité continuera à exister dans la capitale et dans le pays.

 

Comment voyons-nous les trois ans passés ? La Commission a publié 15 rapports au cours de 36 mois. Elle a enregistré 2015 cas de morts violents. 864 entre juillet 2002 et la fin du mois de février 2004 (une période de 20 mois), puis, 1151 cas entre mars 2004 et juin 2005 (16 mois). La réalité est encore plus sombre. En plus, la violence a augmenté sérieusement ces derniers temps, ce qui signifie que les causes qui produisent la violence persistent. Au contraire, aujourd’hui, il y a plus de frustration, le coût de la vie a augmenté. Parmi les causes qui conduisent à la violence ou bien qui l’encouragent, nous signalons l’impunité, le conflit entre groupes armés, la lutte pour le pouvoir et les causes politiques, certaines autorités ne prennent pas leur responsabilité. Toujours, il y a la faiblesse de l’Etat, la marginalisation dans la société, la misère, la dégradation de l’environnement et la crise économique, l’activité des groupes liés à la drogue et la criminalité, les armes circulent dans le pays sans qu'il n'y ait pas le moindre contrôle, certains groupes agissent comme exécutants, puis, l’indifférence des citoyens eux-mêmes.

 

La Commission croit qu’une source importante de la violence provient de la façon de comprendre et de faire de la politique dans le pays, et de la façon dont on gère le pouvoir politique ou qu’on mène la lutte pour le pouvoir. « Ceux qui détiennent une position dans l’Etat doivent se servir seulement des moyens légaux pour gérer le pouvoir. Les citoyens devraient se servir exclusivement des moyens légaux pour défendre leurs droits. Affaiblir les institutions de l’Etat, distribuer des armes à des groupes populaires, est indigne d’une autorité responsable. Tous ceux/celles qui s’engagent dans la lutte pour le pouvoir ou qui sont responsables de sa gestion, ont la responsabilité de développer des pratiques politiques qui ne détruisent pas les fondements moraux de la société. » (Rapport 10).

 

Parmi les auteurs de la violence, nous constatons une grande implication de nombreux jeunes et même d’enfants qui font parti de ces groupes ou gangs, soit qu’on les a forcé d’y entrer, soit qu’ils manquent d’éducation et d’encadrement social, soit qu’ils se sont laisse prendre pour résoudre quelque problème. Le phénomène nous préoccupe sérieusement. Qu’est-ce que le pays doit devenir dans une pareille condition ?

 

Avec cette nouvelle lettre ouverte, la Commission vous présente un autre rapport sur la violence dans la zone métropolitaine durant les mois de mai et de juin 2005. Comme pour les rapports précédents, nous avons choisi un simple critère pour mesurer le degré de violence : le nombre de victimes mortelles à travers les rues de la capitale. Pour y arriver, nous avons consulté la presse ; nous avons rencontré des témoins ; nous avons fait nos propres observations. Tout en reconnaissant les limites de notre travail, nous savons que la réalité dépasse les données qui s’y trouvent. Notre objectif est de sensibiliser les autorités et tous les citoyens sur la réalité de la violence dans le pays, parce qu’elle constitue un des handicaps majeurs à la convivialité pacifique entre citoyens.

 

Au cours des mois de mai et de juin 2005, nous avons répertorié 169 personnes mortes suite à la violence : 79 au mois de mai et 90 au mois de juin 2005 . Mais les chiffres réels doivent être plus élevés. Ceci signifie une nette augmentation par rapport aux mois passés. Lors de certains événements, il y a un plus grand nombre de victimes ; ce qui indiquerait une plus grande agressivité de part et d’autre.

About IJDH | Site Map | Privacy Policy | Contact Us | ©2006 Institute For Justice & Democracy in Haiti