FONDASYON TRANT SEPTANM
Komemorasyon 30 Septanm 2005
30 Septanm 1991 – 30 Septanm 2005
14 lane dejaTèmTèt ansanm pou n denonse epi kondane
diktati ak represyon Etazini ak Nasyonzini
kont pòv-yo nan Peyi Dayiti
30 Septanm 1991, yon eksperyans demokratik kite kòmanse pote bonjan rezilta, nwaye nan yon larivyè san anba zak lènmi tradisyonèl pèp Ayisyen-an. 5.000 kadav pandan 3 lane. 29 Février 2004, yo retounen fè menm bagay. Fwa sa-a se yon veritab katastwòf : Plis pase 13.000 kadav nan 18 mwa. Sa fè yon mwayèn 720 kadav chak mwa, 24 chak jou, pou yon popilasyon 8.000.000 moun. Aprè zak kidnapin-yo, lapolis peyi Dayiti ki vi n gen anpil ansyen militè ladann, ki jwenn ankadreman fòs lokipasyon Nasyonzini-yo, ki jwenn sipò, lajan ak ekipman gouvènman Etazini, Lafrans ak Kanada atravè ambasad-yo nan peyi Dayiti, distribye anpil manchèt bay yon seri eskadwon lanmò pou kontinye masakre pòv-yo nan katye popilè-yo. Tout moun kap batay pou demokrasi ak Prezidan pèp-la te vote-a tounen nan peyi-a, kondane pou yo mouri rache ak manchèt, lè sepa ak grenn bal nasyonzini ou lapolis, epi kadav-yo rete atè jouk chyen manje-yo, yon fason pou sa sèvi egzanp, menm jan militè yannki yo te fè ak kadav Chalmay Peralt lè yo te fin asasine-li, (pandan premye dappiyanp etazini te fè sou Ayiti, 1915-1934) yo te blayi kò li sou yon pòt, mete-li sou yon plas piblik.Netwayaj etnik nan peyi Rwanda, lagè kont pòv-yo ou netwayaj sosyal nan peyi dayiti, pou-n rive frennen olokost nwa sa-a, Fondasyon Trant Septanm lanse yon apèl bay tout sitwayen nan lemonn ki renmen libète ak lajistis pou :
-
fè 30 Septanm 2005-lan tounen yon gwo jounen solidarite ak pèp Ayisyen-an, oganize, nan prensipal vil nan lemonn, Vandredi 30 Septanm 2005-lan, aktivite pou denonse diktati ak represyon nan Peyi Dayiti, Epi denonse ak kondane diktati ak represyon Etazini ak Nasyonzini ap fè nan peyi Dayiti, mete sou pye yon Koalisyon Entènasyonal pou retou demokrasi ak Prerzidan pèp-la te eli-a nan peyi Dayiti. Mete sou pye yon fon, FTS ap jere, pou soutni viktim represyon nan Peyi Dayiti.
Sponsors : Fanmi Lavalas, Haitian Initiative for Democracy, Haiti Action Committee, Fondasyon Mapou, Haitian Lawyers Leadership, Institute for Democracy and Justice in Haiti ...
Lòt sponsors kapab ajoute non yo sou lis sa-a.
Pou kontak ak enfòrmasyon :
Email : fond30sept@hotmail.com
Phone : 347-262-1818 301-537-8162
