50 Federasyon ak òganizasyon kanpe kont don pistach Etazini an
Reprezantan 50 Federasyon ak òganizasyon ayisyen pibliye yon deklarasyon kont don pistach Depatman agrikilti peyi Etazini (USDA) vle voye ane sa-a. USDA gen lentansyon voye 500 tòn metrik pistach ayiti, swadizan pou ede timoun ki grangou. Men ayiti deja pwodwi pistach, donk chajman sa kapab gen yon trè move efè sou ekonomi ayiti. Gwoup sa yo sonje jan masak kochon kreyòl yo ak chajman diri etazini te detwi ekonomi ayiti nan ane 1980 yo epi yo pa vle menm bagay la rive ak pistach yo tou. Yon pati deklarasyon an pi ba. Klike ISI pou li tout tèks la, e ISI pou wè siyati yo. DEKLARASYON OGANIZASYON POPILÈ SOU KOZE ENPÒTASYON PISTACH 20 jiyè 2016 Nou menm reprezantan 50 Federasyon ak òganizasyon, ki sòti nan 10 depatman yo e ki te reyini nan Montrouis sòti 10 pou rive 21 jiyè nan okazyon reyalizasyon […]