Joint Open Letter to Demand Restitution for Haiti’s “Independence Ransom” from France

  • Post category:Projects

Joint Open Letter to Demand Restitution for Haiti’s “Independence Ransom” from France

Haitian and allied organizations working toward justice and reparations for Haiti are calling on President Macron to live up to France’s stated human rights principles by repaying the debt, or “independence ransom,” it extorted from Haiti. Read their joint letter below and here

This initiative is coordinated by the Kolektif Ayisyen Afwodesandan (KAAD) with support from the Institute for Justice and Democracy in Haiti (IJDH), and the Global Justice Clinic at NYU School of Law (GJC), and joined by key organizations from Haiti, France, and beyond.

Signatories will be updated on a rolling basis – add your signature here.


 

**Français en bas | English below**

Onè, Respè Prezidan Macron,

Noumenm,  òganizasyon ayisyen ak alye k ap travay pou Ayiti jwen Jistis ak Reparasyon akòz ranson 1825 Lafrans te fòse Ayiti sibi a,  n ap ekri w jodi a onon prensip dwa moun pou mande w pran dispozisyon pou peyi Lafrans remèt lajan sa a.

Alaverite : An 1825, anba menas envazyon ak  flòt Napoleyon yo, Ayiti ki te fèk vin endepandan te oblije peye Lafrans 150 milyon fran (yo te redui sa pita a 90 milyon). Lajan sa a, yo di se te pou konpanse ansyen mèt plantasyon franse yo pou “byen” yo te pèdi, nan byen sa yo yo te konsidere moun ki te nan sitiyasyon esklas yo tou. Anpil ekonomis estime dèt sa a te koute Ayiti, omwens, plizyè dizèn milya dola — li te mete peyi a nan dèt ki te kraze l, ki te bloke devlopman li pandan plizyè jenerasyon.

Ane 2025 la make 200yèm anivèsè “ranson” Ayiti peye pou endepandans li.  Silans Lafrans sou ranson sa a  pandan tout ane sa yo se pa sèlman yon echèk moral, men se tou yon enjistis ki kontinye ap ogmante. Lè a gentan pase pou Lafrans te rekonèt e repare enjistis sa a.

N ap di dabò se yon obligasyon moral pou Lafrans rekonèt e fè reparasyon an. Paske lit revolisyonè Ayisyen yo se te premye rebelyon esklav ki reyisi, ki te mete an pratik prensip Libète, Egalite, Fratènite. Olye pou monachi fransèz ki te retabli a te akeyi Ayiti kòm yon patnè nan libète, li te pito fè peyi a peye ransòn pou esklav ayisyen yo mèt franse yo te konsidere kòm “byen pèsonèl yo’.’ Ayiti te peye pou libète li de (2)  fwa, e konsekans ranson sa a toujou ap afekte peyi a jodi a. Restitisyon pou enjistis la ta korije tò istorik la e ta bay yon egzanp kouraj moral ki ka enspire lòt moun.

Dezyèmman, gen yon lojik ekonomik nou dwe gade. Olye pou Ayiti te envesti nan enfrastrikti debaz — lekòl, wout, sanitasyon, sante piblik — li te oblije voye resous li yo bay ansyen esklavajis an Frans, gouvènman franse a, ak bank franse ak ameriken pou peye dèt la ak lòt prè ki te vin apre. Pèyman ranson sa a te mete ekonomi Ayiti an reta pou plizyè santèn ane ; e,  li te vin mete peyi Dayiti nan yon sik depandans anba èd etranje ak dèt ki kontinye jouk jodi a. Ekonomi Ayiti a ak enfrastrikti li pote mak de syèk apovrisman akòz dèt la. Vilnerabilite Ayiti devan   manifestasyon chanjman klimatik yo — devan siklòn, sechrès, inondasyon — ansanm ak tranblemanntè ki frape zile a souvan, pran rasin yo nan listwa eksplwatasyon peyi sa a toujou sibi. Si Lafrans aplike prensip restitisyon an, sa ta ka mete Ayiti sou pye pou yon seri envestisman enpòtan fèt an Ayiti —pa egzanp konsriksyon kay ki kapab fè fas kare ak  siklòn ; envestisman nan edikasyon ak devlopman riral pou kase chenn povrete enjistis istorik ki nan peyi a.

Twazyèmman, gen baz  agiman legal yo. Kisa sa vle di ?

Pa gen oken akò selon lalwa ki jistifye ranson sa a. Akò ransòn endepandans lan ant Lafrans ak Ayiti te deja nil, e Lafrans te  jwenn  benefis nan sa ilegalman. Menmsi akò sa a te antre an aplikasyon depi 200 ane, li te deja ilegal selon lwa ki te an plas an 1825. E sa bay yon baz solid pou Ayiti reklame restitisyon an

Finalman, gen kesyon kredibilite jeyopolitik. Lafrans toujou prezante tèt li kòm yon defansè dwa moun — an reyalite, “Liberté, Égalité, Fraternité” ekri sou bilding piblik li yo. Si Lafrans vrèman serye sou prensip sa yo, li dwe negosye yon pakè reparasyon ak restitisyon atravè yon pwosesis patisipatif ki enkli pèp ayisyen an anba  lidèchip Ayiti. Prensip imanis Lafrans ap reklame li de li a mande aksyon konkrè, pa sèlman pawòl bèl ak mezi senbolik.

Nan 21yèm syèk la, pouvwa pa sèlman sa ou pran, men tou sa ou tounen bay, se pataj. Fè fas ak listwa se pa yon wont pou kache, men yon opòtinite pou bati yon avni sou egalite, libète, ak diyite moun. Sa rantre nan defiini e konstwi nouvo etik nou bezwen an. Li lè pou Lafrans rekonèt verite sa a epi finalman remèt ransòn endepandans li te pran nan men Ayiti a.

Nou menm ki siyen lèt sa a angaje nou pou kontinye kolabore ak tout patnè ki angaje nan konba pou jwenn repons  a domaj istorik e  konsekans trajik koze ranson sa a  kontinye genyen sou lavi pèp ayisyen jodi a.

Siyatè k ap pote l :

  1. Kolektif Ayisyen Afwodesandan (KAAD)
  2. Action pour la Reforestation et la Defense de l’Environnement (Action for the Reforestation and Defense of the Environment – AREDE)
  3. African Futures Lab (AfaLab)
  4. Asosyasyon Kiltirèl SOKIJA (AKS)
  5. Centre Anacaona
  6. Collectif Haïti de France
  7. Global Justice Clinic, NYU School of Law (GJC)*
  8. Haitian-American Foundation for Democracy (HAFFD)
  9. Haitian Women’s Collective (HWC)
  10. Hemispheric Network for Haitian Migrants’ Rights (Rezo Emisferik pou Dwa Migran Ayisyen, REDMA)
  11. Human Rights Institute at Georgetown University Law Center (HRI)
  12. Institute for Justice and Democracy in Haiti (IJDH)
  13. Nègès Mawon
  14. Reparations Finance Lab (RFL)

Cher Président Macron,

Nous vous écrivons en tant qu’organisations haïtiennes et alliées œuvrant pour la justice et les réparations pour Haïti, afin de demander à la France de respecter ses principes déclarés en matière de droits humains en remboursant la « dette d’indépendance » qu’elle a extorquée à Haïti.

En 1825, sous la menace d’une invasion par la marine napoléonienne, Haïti, nouvellement indépendante, a été contrainte par la France à payer 150 millions de francs (ramenés plus tard à 90 millions) pour indemniser les anciens propriétaires de plantations de leurs « biens » perdus, y compris les personnes réduites en esclavage qu’ils avaient exploitées. Cette rançon, dont les économistes estiment qu’elle a coûté à Haïti, au minimum, des dizaines de milliards de dollars, a plongé le pays dans une dette écrasante qui a freiné son développement pendant des générations.

L’année 2025 marque le 200e anniversaire de la « dette de l’indépendance » d’Haïti, ou, comme beaucoup l’ont justement appelée, de la « rançon de l’indépendance ». Le silence de la France pendant des décennies à ce sujet est largement reconnu comme un manquement moral, mais aussi comme une injustice aggravée. Il est grand temps que la France reconnaisse et répare cette injustice.

Premièrement, il y a un impératif moral évident. La lutte révolutionnaire d’Haïti a été la première révolte réussie de personnes réduites en esclavage, qui a pleinement mis en œuvre les principes de liberté, d’égalité et de fraternité. Au lieu de considérer Haïti comme un partenaire de la liberté, la monarchie française restaurée a extorqué une rançon en compensation des Haïtiens captifs que les esclavagistes français considéraient comme leur « propriété ». Haïti a payé deux fois pour sa liberté, et les conséquences de ce paiement continuent de façonner la réalité du pays aujourd’hui. La restitution de cette injustice corrigerait ce tort historique et constituerait un exemple inspirant de leadership moral.

Deuxièmement, il y a une logique économique. Au lieu d’investir dans les infrastructures de base — écoles, routes, systèmes d’assainissement, santé publique — Haïti a été contrainte de détourner ses maigres ressources vers ses anciens esclavagistes, le gouvernement français et les banques françaises et américaines, pour rembourser la dette et les prêts ultérieurs. La richesse extraite dans le cadre de cette rançon a freiné la croissance du PIB d’Haïti de plusieurs décennies et a engendré un cycle de dépendance à l’égard de l’aide étrangère et de l’endettement qui persiste encore aujourd’hui. L’économie et les infrastructures d’Haïti restent entravées par deux siècles d’appauvrissement dû à cette dette. Sa vulnérabilité disproportionnée aux conséquences du changement climatique — ouragans, sécheresses, inondations — et aux tremblements de terre qui secouent régulièrement l’île trouve également ses racines dans cette histoire d’extraction coloniale. Une restitution française permettrait de relancer des investissements essentiels, qu’il s’agisse de logements résistants aux ouragans, d’éducation ou de développement rural, et de rompre le cycle de pauvreté perpétué par cette injustice historique.

Troisièmement, il y a une exigence juridique. Il est largement admis qu’Haïti dispose d’un dossier solide pour enrichissement sans cause, au motif que le contrat de rançon pour l’indépendance conclu entre la France et Haïti était nul, et que la France s’est ensuite injustement enrichie aux dépens d’Haïti. Bien que le contrat prétendument illégal soit entré en vigueur il y a deux siècles, il l’était déjà au regard du droit tel qu’il existait en 1825, ce qui justifie la demande de restitution.

Enfin, il y a la crédibilité géopolitique. La France se proclame depuis longtemps championne des droits humains — en effet, « Liberté, Égalité, Fraternité » est inscrit sur ses bâtiments publics. Si la France prend ces idéaux au sérieux, elle doit entamer un processus participatif impliquant le peuple haïtien pour négocier un ensemble de restitutions et de réparations. Le leadership exige des actions concrètes, et non de simples déclarations ou gestes symboliques.

Au XXIe siècle, le pouvoir ne réside pas seulement dans ce que l’on prend, mais aussi dans ce que l’on restitue. Faire face au passé n’est pas une honte à dissimuler, mais une occasion de bâtir un avenir fondé sur l’égalité, la liberté et la dignité humaine pour tous. Il est temps que la France reconnaisse cette vérité et rembourse enfin sa « rançon de l’indépendance ».

Nous, soussignés, nous engageons à poursuivre notre collaboration avec tous les partenaires et acteurs investis dans ce mouvement afin de répondre de toute urgence à ce préjudice historique et à ses effets dévastateurs sur la vie des Haïtiens d’aujourd’hui.

 

Signé,

  1. Kolektif Ayisyen Afwodesandan (KAAD)
  2. Action pour la Reforestation et la Defense de l’Environnement (Action for the Reforestation and Defense of the Environment – AREDE)
  3. African Futures Lab (AfaLab)
  4. Asosyasyon Kiltirèl SOKIJA (AKS)
  5. Centre Anacaona
  6. Collectif Haïti de France
  7. Global Justice Clinic at NYU School of Law (GJC)*
  8. Haitian-American Foundation for Democracy (HAFFD)
  9. Haitian Women’s Collective (HWC)
  10. Hemispheric Network for Haitian Migrants’ Rights (Rezo Emisferik pou Dwa Migran Ayisyen, REDMA)
  11. Human Rights Institute at Georgetown University Law Center (HRI)
  12. Institute for Justice and Democracy in Haiti (IJDH)
  13. Nègès Mawon
  14. Reparations Finance Lab (RFL)

Dear President Macron,

We write as Haitian and allied organizations working toward justice and reparations for Haiti, to call on France to live up to its stated human rights principles by repaying the “independence debt” it extorted from Haiti.   

In 1825, under threat of invasion by Napoleon’s navy, newly independent Haiti was forced by France to pay 150 million francs (later reduced to 90 million) to compensate former plantation owners for their lost “property,” including the enslaved people they had exploited. This ransom—which economists have estimated cost Haiti, at minimum, tens of billions of dollars—plunged Haiti into crippling debt, stunting its development for generations.

2025 marks the 200th year anniversary of Haiti’s “independence debt” or, as many people have aptly termed it, “independence ransom.” France’s decades-long silence on the debt is widely acknowledged as not only a moral failing, but a compounding injustice. It is long past time for France to acknowledge and remedy this injustice.

First, there is a clear moral imperative. Haiti’s revolutionary struggle was the first successful revolt of enslaved people and captives, that fully implemented the principles of Liberty, Equality, and Fraternity. Instead of embracing Haiti as a partner in liberty, the restored French monarchy extorted a ransom as compensation for the captive Haitians that the French enslavers insisted were their “property.” Haiti paid for its freedom twice over, and the consequences of that payment continue to shape the country’s reality today. Restitution for that injustice would correct this historic wrong and provide an inspiring example of moral leadership.

Second, there is an economic logic. Instead of investing in basic infrastructure—schools, roads, sanitation systems, public health—Haiti was forced to divert scarce resources to former enslavers in France, the French government, and French and U.S. banks to repay the debt and subsequent loans. The wealth extracted under this ransom set Haiti’s GDP growth back by decades, and resulted in a cycle of foreign aid dependence and entrenched debt that persists to this day. Haiti’s economy and infrastructure is still hampered by the two centuries of impoverishment from the debt. Its disproportionate vulnerability to the consequences of climate change—hurricanes, droughts, and floods—and earthquakes, which regularly shake the island, is also rooted in this history of colonial extraction. French restitution could jump‑start critical investments, from hurricane‑resistant housing to education and rural development, breaking the cycle of poverty perpetuated by historical injustice.

Third, there is the legal demand. It is widely accepted that Haiti has a strong case for unjust enrichment, on the basis that the independence ransom contract between France and Haiti was void, and that France was subsequently unjustly enriched at Haiti’s expense. Although the allegedly unlawful contract went into force two centuries ago, the agreement was illegal even according to the law as it stood in 1825, grounding the case for restitution.

Finally, there is geopolitical credibility. France has long proclaimed itself a champion of human rights—indeed, “Liberté, Égalité, Fraternité” is inscribed on its public buildings. If France is serious about those ideals, then it needs to negotiate a restitution and reparations package through a participatory process that involves the Haitian people. Leadership requires concrete action, not just rhetoric and symbolic measures. 

In the 21st century, power is not merely what you take, but what you give back. Reckoning with the past is not an embarrassment to be concealed, but an opportunity to build a future founded on equality, freedom, and human dignity for all. It’s time for France to recognize that truth and finally repay its “independence ransom.”

We the undersigned are committed to continued collaboration with all partners and stakeholders invested in this movement to respond with urgency to this historical harm and its ongoing, devastating impacts on the lives of Haitians today.

 

Signed,

  1. Kolektif Ayisyen Afwodesandan (KAAD)
  2. Action pour la Reforestation et la Defense de l’Environnement (Action for the Reforestation and Defense of the Environment – AREDE)
  3. African Futures Lab (AfaLab)
  4. Asosyasyon Kiltirèl SOKIJA (AKS)
  5. Centre Anacaona
  6. Collectif Haïti de France
  7. Global Justice Clinic at NYU School of Law (GJC)*
  8. Haitian-American Foundation for Democracy (HAFFD)
  9. Haitian Women’s Collective (HWC)
  10. Hemispheric Network for Haitian Migrants’ Rights (Rezo Emisferik pou Dwa Migran Ayisyen, REDMA)
  11. Human Rights Institute at Georgetown University Law Center (HRI)
  12. Institute for Justice and Democracy in Haiti (IJDH)
  13. Nègès Mawon
  14. Reparations Finance Lab (RFL)

* Kominikasyon sa a pa reprezante pwen de vi enstitisyonèl Inivèsite Nouyòk. 

* Cette communication ne prétend pas représenter les opinions institutionnelles, le cas échéant, de l’Université de New York.

* This communication does not purport to represent the institutional views, if any, of New York University.

##