POU PIBLIKASYON IMEDYAT
Moun pou Kontakte:
Mario Joseph, Av., Biwo Avoka Entènasyonal (Ayiti),mario@ijdh.org, +509‑3701-9879 (Fransè, Kreyòl, Anglè)
Brian Concannon, Jr., Esq., Enstiti Pou Jistis ak Demokrasi an Ayiti, brian@ijdh.org, +1-541-263‑0029 4284 (Anglè, Fransè, Kreyòl)
Gwoup Jistis ak demokrasi ann Ayiti ap Ankouraje Asistan Sekretè jeneral Nasyonzini Pou Dwa Moun nan k ap vizite Ayiti Pou Egzaminen Enplikasyon Dirèk Nasyonzini nan Epidemi Kolera a
Avoka yo Souliye Responsablite Nasyonzini kòm Premye Nesesite Pou Yon Eta de Dwa an Ayiti
(Pòtoprens, Ayiti, ak Boston, Etazini, Jedi, 23 out, 2012) – Avoka dwa moun yo ann Ayiti ak Etazini ankouraje Asistan Sekretè jeneral Nasyonzini Pou Dwa Moun nan,Ivan Šimonoviæ, k ap vizite Ayiti semèn nan, egzaminen enplikasyon dwa moun nan epidemi kolera ke twoup Nasyonzini yo pote nan peyi a.
Epidemi Kolera touye plis pase 7,500 Ayisyen epi kontamine plis pase 580,000 lòt depi Sòlda Nasyonzini yo te fin entwodwi l nan mwa Oktòb 2010. Malgre prèv akablan yo montre klèman se Nasyonzini ki pote epidemi a, òganizasyon mondyal la kontinye refize pran responsablite li, epi derefize pran mezi nesesè pou epidemi kolera a sispann touye moun.
Mèt Mario Joseph, ki se prensipal avoka dwa moun ann Ayiti, di l ” bat bravo pou Asistan Sekretè Jeneral Šimonoviæ poutèt li mete aksan sou Eta de Dwa kòm yon nesesite pou ankouraje respè dwa moun an Ayiti,” Reprezantan viktim kolera yo pou reklame dedomajman nan men Nasyonzini li kontinye pou l di ke : “Pou w yon avoka kredib nan batay pou yon Eta de dwa ann Ayiti, Nasyonzini dwe bay egzanp, epi responsab epidemi kolera a ke li lakòz.”
Nan mwa novanm 2011, plis pase 5,000 viktim kolera ki te depoze plent kont Nasyonzini, yo mande : a)envestisman nan dlo pwòp ak sanitasyon pou kontwole epidemi an ; b) konpansasyon endividyèl epi ; c) yon ekskiz piblik bay tout pèp ayisyen an . Yo wè ka sa a tankou yon tès desizif pou mezire angajman Nasyonzini pou zafè dwa moun nan pratik. Gen anpil presyon entènasyonal sou do òganizasyon an pou rann jistis. Nan rapò 2012 li a, Ekspè Endepandan Nasyonzini sou sitiyasyon dwa moun an Ayiti a, Michel Forst, rekonèt ke “silans oubyen refi” pa pwodiktif pou misyon Nasyonzini an nan peyi Dayiti.
Bakteri Kolera yo anvayi sous dlo moun bwè toupatou nan peyi Dayiti, epi epidemi an se pi move epidemi kolera, yon sèl peyi konnen nan tan modèn yo. Brian Concannon Jr., youn nan prensipal avoka viktim kolera yo, fè konnen ke ” kolera Nasyonzini an se yon gwo vyolasyon dwa plizyè milyon Ayisyen genyen pou jwenn dlo ke yo rekonèt entènasyonalman ak dwa lavi pou anpil milye lòt.” Brian : “li espere Asistan Sekretè jeneral Šimonoviæ wè ke Nasyonzini gen yon opòtinite istorik pou avanse ak ranfòseman dwa moun nan kesyon dlo ak sanitasyon globalman, epi sove plizyè milye lavi lòt moun, nan aji avèk koyerans tankou jan ideyal li yo mande sa.”
Pou plis enfòmasyon, lòt dokiman ak materiel sou ka sa a, vizite : www.IJDH.org.
###
Click HERE to Download in PDF Version
Click HERE To See an English Version
Click HERE to See more Information about IJDH’s Cholera Accountability Project