Moun pou kontakte:
Brian Concannon, Jr, Esq, Enstiti pou Jistis & Demokrasi an Ayiti, Mario. brian@ijdh.org, +1-541-263-0029 (Angle, Franse, Kreyòl)
Mario Joseph, Av., Biwo Avoka Entènasyonal, (Ayiti), mario@ijdh.org, +509-3701-9878 (Franse, Kreyòl, Angle)
Maria-Elena Kolovos, Biwo Avoka Entènasyonal (Ayiti), mariaelena@ijdh.org, +509-4688-9968 (Angle)
Ira Kurzban, Esq., ke Kurzban, Kurzban, Weinger Tetzeli & Pratt PA, ira@kkwtlaw.com, +1-305-992-3356 (Angle)
Plis pase 5 mil Ayisyen Viktim Kolera ap pouswiv Nasyonzini nan lajistis, pou yo ka jwenn Jistis
Nan non victim kolera yo, avoka yo depoze plent pou mande konpansasyon ak aksyon konstriktif poutèt Nasyonzini pote kolera nan peyi Ayiti
Madi, 8 Novanm 2011, Pòtoprens, Nouyòk — Jou Mèkredi 3 Novanm 2011, plis pase 5,000 Ayisyen, viktim ak fanmi viktim kolera, depoze plent nan Nasyonzini, pou reklame dedomajman kont MINUSTAH ki entwodi kolera an Ayiti nan mwa Oktob 2010. Pandan selman yon ane, epidemi kolera touye plis pase 6,600 moun e kontamine plis pase 475,000 lòt. Nap raple epidemi an ap kontinye fè ravaj jiska prezan.
Plent viktim kolera yo eksplike klè, Nasyonzini ak MINISTA responsab bagay sa yo: 1) echèk yo paske yo pat fè ase tès medikal pou sòlda MINISTA yo ki soti nan peyi kote epidemi kolera an endemik; 2) jete dechè kontamine ki soti nan yon baz MINISTA dirèkteman nan yon tèt flèv Latibonit ki se rivyè ki pi long ak pi enpotan an Ayiti ; ak 3) fasyon tèt anba e inadekwat yo te reponn a epidemi a kolera a, lè li te eksploze nan peyi a.
Viktim kolera yo mande konpansasyon endividyèl, yon repons Nasyonzini nan tout peyi a ki koresponn ak sitiyasyon malouk sa, ak yon ekskiz piblik bay tout pèp Ayisyen an. Yo ensiste pou repons Nasyonzini an genyen ladan tretman medikal pou tout moun ki deja viktim ak tout sa ki pral viktim, ak dlo pwòp epi enfrastrikti sanitè, ki se sèl solisyon pou kwape epidemi kolera a.
Mario Joseph, Direktè BAI te di, “Sa a se yon opòtinite pou NasyonZini demontre idyeal yo pou elimine maladi ak ankouraje respè pou dwa moun se pa sèlman pale met la.”
Brian Concannon, Direktè IJDH la, te ajoute, “pifò fè nou avanse nan plent lan soti nan rapò Nasyonzini li menm li te fè. Se Nasyonzini menm ki develope anpil nan lwa nou site yo. Kliyan nou yo mande enstitisyon an pou li bay tèt li defi pou li aji nan fason li konnen ki vre e jis.”
Pou plis enfòmasyon, ak lòt materyèl sou ka sa a, vizite www.IJDH.org.
###
Téléchaje: https://ijdh.org/wordpress/wp-content/uploads/2011/11/Kominikasyon-de-Pres-1.pdf
English: click here
Español: haga clic aquí
Français: cliquez ici